DIFÈRANS ANT FANM AK GASON NAN PLIZYÈ ASPÈ
Map komanse ti pale sa avèk grenn kestyon sa pou medam yo. Konbyen fwa ou konprann ke gason yo pa konprann santiman w’ vrèman ?
Diferans ant fanm e gason fè anpil moun panse jiska yo ekri sou sa, san panse a difèrans nan fisik, biolojik, eske gen difèrans sikolojik la,oubyen difèrans nan sèvò a?
Louann Brizendine ki se yon nerosikiat di ke nan 8èm semèn lè timoun nan lan vant, sèvo a feminen, e aprè 8èm semèn nan, selil ki pral represante testikil ti gason an,li bay sèvo a yon gwo kantite testosteròn ki gen pou chanje tout fèminen an maskilèn. Nou ka di se yon bagay ki enteresan.
Nou ka wè konpòtman ki relasyone ak jwèt difèran ant tifi ak tigason tou. Pa egzanp ti gason renmen fè ti jwèt goumen,ki pou fè gwo aktivite ak kò yo, jwèt yo imajine tankou sa yo wè nan fim,yo, yo devlope anpil aktivite manyèl lakay yo. E tifi yo, yo jwe jwèt ki pèmèt yo reflèchi plis, e palè plis pa egzanp yo imajine jwèt doktè avèk pasyan, e tout sa ki ka di, yo devlope abilite lènguistik yo.
Sigmund Freud, ki se papa sikoanalis nan teori li genyen ki palè de devlopman sikoafektif timoun dekri difèrans ki genyen kay chak sèks nan chak etap, nap konsidere etap sa yo.
Stad falik (3-7 ane)
Gason yo devlope lakay yo sa yo relè konplèks oedipe, nou ka jwènn li nan yon istwa grèk, ki pale de manifèstasyon lanmou yon ti gason genyen pou manman l’ e li wè papal tankou yon rival. Timoun nan wè tout sa ki an rapò ak sèks a travè de manman l’, e premye rapò sèksyel li genyen se a pati de tete manman. Se de sa konplèks oedipe a palè. Kay tifi a menm gen sa ki relè konplèks electre, ki prezante pa yon lòt moun, men ki se konpayon Freud, li di ke tifi a genyen santiman pou papa e li wè manman tankou yon rival.
Stad jenital (9-15 ane)
Kay ti gason an nou jwenn li atire a sèks opoze a ki se tifi, libido li komanse ogmante,li defann sak pou li e li vin agresif. Kay tifi a se estrojèn li ki monte avèk testosteròn nan sèvo a, e li atire pa ti gason yo.
Nou sote lòt laj yo nou vin tonbe nan 50-60 ane Nan laj sa testosteròn nan komanse bese a 1/3 jiska ½ de jan li te ye nan jenès moun nan. Nou ka wè ke lot òmon tankou ocytosin avèk estrogèn ki se pou fanm komanse ogmante kay gason an e sèvo gason an kòmoanse sanble ak pa fi a.
Konsekans chanjman chimik sa yo vin koze paske afeksyon e akolad vin pi enpotan nan laj sa, e moun sa vin pi afèktye, e pi senpatik a lòt moun.
Gen yon etid kite fèt nan inivèsite Harvard kote ke yo te wè gen anpil bagay ki chanje kay yon gason lè madanm li ansent, pa egzanp ou ka wè ke gason sa komanse ak pran gwosè, li ka pi responsab, gen aranjman li komanse ap fè poul resevwa timoun nan, tout sa koze pa yon sibstans chimik ke fi a lague nan lè e ki pèmèt tou konpòteman sa yo. E lè timoun sa fin fèt, gason sa sèvol pwodwi dopamin avèk ocytosin ki se menm òmom ki sekrete lè yon moun damou.
Nou ka site kèk egzanp diferans ki genyen lakay 2 sèks yo :
- Hypotalamus ki responsab libido 2,3 fwa pi gwo kay gason ke lakay fi.
- Lè yon gason strese libido li monte, fi a menm pal la bese.
- Gason an itilize chak pati nan sèvo pou yon bagay spesifik fi a menm itilize lè 2 melanje.
- Gason pi pèfòman nan espas, aktivite twadimansyon, vitès melanje ak aktivite. Fi a menm li pi pèfòman nan emosyon, prete atansyon, pran desisyon an gwoup, rekonèt vizaj e non.
Alò nou ka wè ke nou paka blame yon moun pou sèks li, sitou aprè ke nou wè gen anpil difèrans ki pote nan sèvo nou. Difèrans sa yo ant fanm ak gason an se pou byen avansman nou antan ke moun. Pa janm bliye ke difèrans yo, yo fisik e mantal, e pèsonn pa dwe sou estime valè ke chak sèks genyen. Nou difèran, men nou youn konplete lòt.


Facebook Comments