PLANIFYE FANMI W
Planifye yon fanmi vle di itilize mwayen pou w’ genyen timoun paske ou vle genyen l san ke se pa yon obligasyon. Objektif la se chwazi moman ou vle a.
Pou rezon sa nap ba ou kèk enfòmasyon sou sijè sa.
Yon etid kite fèt an Ongri, Swèd epi Etazini montre ke timoun ki fèt nan entèval 2 zan ogmante de 5% a 10% risk pou timoun yo fèt avèk ti pwa, prematire oubyen mouri (Miller, 1991). An plis de sa lè yon timoun ap fèt moman sa se bèl bagay, si ou pat prepare pou li, li ap difisil pou w’ adaptew a timoun sa antan ke paran.
Malerezman anpil moun ansent san ke yo pa planifye sa.
Yo di nan yon popilasyon yo ka jwenn 54% fanm selibatè ansent san ke yo pat prepare pou sa. E lè ou pa prepare pou li, gen risk moun sa gen pou l afwonte, laplipa defwa timoun nan lage, san pran swen, sa tap diferan si se yon timoun ke yon fanmi te prepare pou li.
E adolesan ki marye paske yo ansent yo gen mwens chans pou yo gen yon bon maryaj kote gen kè kontan.
Pou rezon sa yo li enpòtan pou w’ chwazi yon metòd ki pote sekirite pou fanmi w’ ki baw libète pou w’ viv eksperyans lan nan moman ou vle l’ la.
Nou pran enfòmasyon sa nan liv: ” Le developpement de la personne, par Odds et Papalia”

Facebook Comments