SIKOLOJI AN KREYOL
Sante Mantal Mwen Avan Tout Bagay
  • Akèy
  • Atik
    • Siperasyon Pèsonèl
    • Fanmi
    • Lavi
    • Edikasyon
    • Sante
  • Kiyès Nou Ye
    • Kiyès Nou Ye
    • Ekri avèk SAK
    • Sipòte nou
  • Dokiman
    • kreyòl
    • Español
    • Français
    • English
  • Sèvis
    • Aplike Tès Sikolojik
    • Konsiltasyon sikolojik Covid-19
  • Kontak
mother warn her daughter for bad behavior, isolated on white

KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?

sikoloji January 29, 2019

Tweet

Konfli se yon sitiyasyon nou paka twò evite, depi gen relasyon ant moun li ap la. Men konfli kèk fwa se yon bon bagay li ye : li ka pèmèt ou eksprime emosyon w epi li ka yon okazyon pou w komanse yon dyalòg.

Men toutfwa konfli ant adolesan avèk paran yo, malgre li gen benefis, li se yon sitiyasyon ki ka penib. Adolesan yo lè yo nan stad sa yo dejà santi ke yo gen yon kapasite entèlektyèl ki devlope, yo  santi ke yo gen yon bezwen pou egzèse kapasite sa, fason pou yo egzèse l se nan opoze yo a sa paran yo di. Epi paran yo menm ki konnen yo gen konpetans yo vle timoun yo soumèt yo anba pisans yo.

Gen kat(4) prensip pou limite sitiyasyon ki ka mennen a konfli. Prensip sa yo yon adolesan ka swiv yo, men inisyativ pou iltilize l la dwe soti kote paran yo. Paske nòmalman se paran ki pou bay egzanp. Sa vle di paran dwe aplike l avan pou adolesan ka swiv li.

Men kat prensip yo:

  • Etabli respè ant youn lòt: pi gwo difikilte nan yon konfli se rive tande lòt moun nan. Sa vle di si w tande lòt moun nan nou sou chimen pou nou dyaloge epi konprann youn lòt.
  • Metrize emosyon yo: se nan pwen sa paran tankou adolesan ka montre ki nivo matirite yo genyen. Li rekòmande pou itilize blag avèk yon ti kras pitye pou tèt ou, konsa wa ka rive kontwole emosyon yo.
  • Bat pou pap chèche yon gayan yon pèdan: olye ke youn ap chèche genyen pandan nap goumen li tap preferanb pou nou jwe fran je, epi kite espas nou nou pale pito, men fòk tou de moun yo dakò pou yo negosye.
  • Bay mesaj la klè kou dlo kòk: lè gen yon antant ki klè li pi bon olye ke se yon antant kote gen yon bagay ki rete san konprann. Li pèmèt tout moun konn limit yo.

Prensip sa yo ka menm ede yon adolesan kontwi pwòp valè li antan ke yon moun. E konsa si yon lè yo ta opoze se ta pou pwòp byen li, kote li vin yon moun ki endepandan epi responsab.

 

“Pou paran yo, adolesans pitit yo se yon tan pou mezire pwòp matire yo”. Eckstein, D. G., Rasmussen, P. R., & Wittschen, L. (1999).

 

 

Facebook Comments

Related Posts

photo-of-woman-holding-a-plant-2702399

Atik /

ATANSYON W AP TOUFE M

Bloke mantalman

Edikasyon /

BLOKE MANTALMAN

adorable-beautiful-beautiful-eyes-2113709

Fanmi /

LAVI SIKOSOSYAL AK FAMILYAL TIMOUN SOUD

‹ ESKE W GEN CHANS? › SA YON KONSOMATE KI KONSYAN DWE KONNEN SOU ZAFE TERAPI

Kategori

  • Amizman (7)
  • Atik (42)
    • Fanmi (21)
    • Lavi (22)
    • Siperasyon Pèsonèl (11)
  • Jeneral (42)
  • Sante (29)
    • Edikasyon (22)
  • Teknoloji (5)

Dènye Tweet nou yo

Back to Top

  • Akèy
  • Kiyès Nou Ye
  • Atik
  • Kontak
© SIKOLOJI AN KREYOL 2025
ht Haitian Creole
en Englishfr Frenchht Haitian Creolees Spanish