SIKOLOJI AN KREYOL
Sante Mantal Mwen Avan Tout Bagay
  • Akèy
  • Atik
    • Siperasyon Pèsonèl
    • Fanmi
    • Lavi
    • Edikasyon
    • Sante
  • Kiyès Nou Ye
    • Kiyès Nou Ye
    • Ekri avèk SAK
    • Sipòte nou
  • Dokiman
    • kreyòl
    • Español
    • Français
    • English
  • Sèvis
    • Aplike Tès Sikolojik
    • Konsiltasyon sikolojik Covid-19
  • Kontak
Bloke mantalman

BLOKE MANTALMAN

sikoloji April 16, 2020

Tweet

An nou pale de bloke mantalman


Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman m remake anpil moun ap eksperimante yon “blokaj mantal”, kòman m ka eksplike sa?


Anpil moun lakay yo, anpil moun gen plis tan lib oubyen vin gen tan lib nan moman, men tan sa li vin pa itil yo anyen, yo vin plis bloke,oubyen paka fonksyone, se tankou yo sou yon poz, kote yo pa vle fè anyen oubyen envesti nan anyen ankò, y ap tann lè yo mete tout aktivite ki te konn genyen yo an mach. Ki vin fè m panse moun sa yo sou pon poz mantal oubyen yo bloke mantalman.

Epoutan moman sa se kote nou tout ta sipoze pran opòtinite sa pou fè yon aktivite, mete lavi nou a jou, aprann sou yon sijè ke nou te anvi aprann depi lontan, pran swen tèt nou; relasyon koup ki t ap kraze yo ka pran yon lòt nivo, kote gen tan pou al konsilte yon terapet anliy, e sa rive yon lòt kote ankò kote nou ka kreye yon nouvo biznis, oubyen mete biznis nou yo nan yon lòt nivo kote n ap antre sou mache an liy lan, pou m site sa yo sèlman..


Nou tout nan yon moman oubyen yon lòt nou ka santi poz sa, men pa kite li rete pou toutan, li ka pi di pou yon moun ke yon lòt pou soti ladan, paske sitiyasyon yo nan moman pa fasil, men li pa oblije rete pou toutan, paske si nan moman sa nou pa bay tèt nou aktivite, oubyen jwenn èd nou bezwen an pou nou avanse, eske nou panse lè pou n soti tout bon an n ap prè pou sa?

Rhode B. Banatte

Facebook Comments

Related Posts

photo-of-woman-holding-a-plant-2702399

Atik /

ATANSYON W AP TOUFE M

black-black-cat-blur-1510543

Edikasyon /

MIT LAKAY AYISYEN

photo-of-man-wearing-brown-coat-3178875

Jeneral /

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

‹ FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU › ATANSYON W AP TOUFE M

Kategori

  • Amizman (7)
  • Atik (42)
    • Fanmi (21)
    • Lavi (22)
    • Siperasyon Pèsonèl (11)
  • Jeneral (42)
  • Sante (29)
    • Edikasyon (22)
  • Teknoloji (5)

Dènye Tweet nou yo

Back to Top

  • Akèy
  • Kiyès Nou Ye
  • Atik
  • Kontak
© SIKOLOJI AN KREYOL 2025
ht Haitian Creole
en Englishfr Frenchht Haitian Creolees Spanish