SIKOLOJI PROFESYONÈL
Jodia nou pral pale de sikoloji aplike oubyen sikoloji profesyonèl la.
Kisa li ye? Sikoloji profesyonèl la li genyen pou li bay solisyon a pwoblèm nou e ede nou a bay bon randman de nou menm.
Pati ki pi koni de sikoloji profesyonèl la yo se:
- Sikoloji klinik
- Sikoloji edikatif
- Sikoloji pou timoun
- Sikoloji sosyal
- Sikoloji legal
- Sikoloji kominotè
- Sikoloji oganizasyon ou travay e sikoloji espò
Sikoloji klinik lan okipel de envestigasyon ki gen pou fèt sou tout factè tankou evaliyasyon, trètman e prevansyon de tout sa ki ka afekte sante mantal nou e fason ke nou ap aji.
Sikoloji edikatif lan sa li fè li se ke li ante nan pati lekol, koman yon moun ka aprann e teknik ki ka fe yon moun aprann pi byen. E li ede idantififye kay yon etidyan kisa ki ka fèl paka aprann byen.
Sikoloji pou timoun nan etidye konpotman timoun yo depi lè yo fèt juska adolesans yo. Sikoloji pou timoun nan vini ak metòd pou trete pwoblem sosyal, emosyonèl e aprantisaj lakay timoun yo, lè sa yo aplike terapi a timoun sa yo swa nan yon klinik, swa lekol, lopital, ou nenpòt lòt kote.
Sikoloji sosyal la fè envestigasyon sou tout gwoup sosyal e sitiyasyon sosyal ki te ka paret ant nou menm lè zòm. Li edew konnen moun e konn pouki defwa yo aji kèk fason e konn kisa yo konprann de reyalite yap viv nan antouraj yo.
Sikoloji legal la li antre nan zafè ki an rapò ap jistis tankou krim, vòl, vyòl, elatriye, li etidye konpòteman moun yo e edew a konprann poukisa yo aji konsa, e ki kote aksyon sa soti.
Sikoloji kominotè a travay ak popilasyon ki ap viv nan yon kominote. Li ka etidye koman yap viv, materyèl yo genyen, e konsa ede yo a satisfè de edikasyon yo, kay yo, manje yo, travay yo, espò, fason yap jwe, elatriye.
Sikoloji travay la li evolisyone nan oganizasyon yo oubyen biro yo, li la pou analize pòs yo, seleksyone moun ki ka travay pi byen nan chak pòs. Li analize e swiv konpòmteman yo nan travay la e ede travayè yo bay meyè de yo nan branch yap travay la.
Sikoloji espò a li gen pou objektif sipòte atlèt yo pou ka ogmante fason ke yo ap evolisyone nan espò a, e pou yo ka konprann valè espò tou nan sante yo. Ke li fisik ou mantal.
Alò, nou ka wè tout kote nou ka jwenn ak yon sikològ? Pa kite moun ap di nou se pou moun tet pa dwat branch sa ye, fe efò pran swen tet nou, pran swen fanmi nou pou nou ka gen yon kominote oswa peyi nou ak moun tèt klè.
Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik

Facebook Comments