MWEN TA VLE WE YON 18 ME
Mwen ta vle wè yon 18 me!
Kote moun pap chanje pwofil paske se dat 18 nan mwa me
Men paske panse a drapo w’ ranpli nanm ou ak fyèteKote Fanfa pap pran lari akoz se yon woutin
Men paske chante se kle rezistans nou gen nan konba yo ak pi bon zoutin
Kote Jèn fi pa pral brase ren pou resevwa gwo bri ak bravo
Men paske klèwon ak LAnbi te sifi pou zansèt yo te rele Grenadye Alaso!



