Categories: AtikEdikasyon

KISA KI SIKOLOJI A?

Petèt nou toujou ap tande moun kap pale de sikoloji oubyen pwoblèm sikolojik. Nou ka plizoumwen di nou gen ide de li, ou pa. Men èske se yon bagay ki enpotan? Kisa li fè pou nou? Jodia an nou fè yon ti chita pou nou konprann byen kisa ki sikoloji a e kote li soti.

Sikoloji soti nan mo grèk klasik “psycke” ki se nanm, konpòtman mantal epi “logy” ‘’ λογία’’ ki se etid. Alò nou ka di syans sa etidye konpòtman mantal e nanm moun. Se yon syans tankou tout lòt yo e yon profesyon tou. Sikoloji antre nan tout bagay. Kòm se avèk moun li travay, li pran swenw nan tout ti detay, nou ka site tankou zafè entèlijans, fason nou wè bagay yo nan lavi a, motivasyon, panse, pèsonalite, relasyon pèsonèl, anviwònman, elatriye…

Poukisa nou bezwen yn syans ki etidye konpòteman?
Nou ka di li enpotan paske li ede nou a viv byen, e lé nou metrize konpoteman nou gen anpil bagay nou evite, tankou gen pwoblem ak sosyete a, fanmiw e menm pwòp tèt nou. Pwoblèm sa yo vini sou anpil fòm, tankou nou ka pran egzanp yon moun ki gen pwoblèm ak rete pré lot moun. Nou ka twouve moun nan dwòl nou di li maledve oubyen nou dil antisosyal. Anfen,nou ka komanse wé ke li enpotan pou nou konmanse pran swen konpòteman e nanm nou.

Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji Klinik

Rhode Bermine Banatte

Share
Published by
Rhode Bermine Banatte

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

7 years ago