Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen gen yon pi bèl vi e gen pi bon rezilta nan domèn ou. Sèl bagay ki ka few reyalize rèv sa oubyen anpeche w, se abitid ou. Abitid se sa ou fè, jan ou konpòtew oubyen panse chak jou. Abitid ou defini bonè w ak malè w, li gen gwo pwa lou sou avni w. Abitid ou se ou menm menm.
Malerezman ou paka efase move abitid ou yo, men ou ka ranplase yo grenn pa grenn pa yon bon abitid. Pèdi tan, distraksyon, parès oubyen renmen bagay fasil, se pi gro ènmi ki ka anpeche w fè sa.
Annou konprann anvan koman yon abitid boujonnen oswa grandi. Tout abitid kòmanse ak yon
1.Estimilasyon: sa ki ba w anvi pou w kòmanse fe yon bagay. Li kapab fizik, mantal oswa emosyonèl.
2.konpòtman: se reyaksyon ou genyen ak estimiliasyon sa, se li kap tounen woutin nan.
3.Rekonpans: jan ou vin santi w aprè konpòtman oubyen woutin sa. Pa egzanp: ou leve granmaten ou santi dan w ak bouch ou lou (estimilasyon), ou deside bwose dan w (konpòtman), aprè ou santi dan w lejè, pwòp epi fre (rekonpans). Egzanp sa ka aplike pou nenpot lòt abtitid ke li bon oubyen pa bon. Daprè kèk etid pou w gen yon nouvo abitid sa pran twa(3) mwa apeprè, apati de nèf(9) mwa yon abitid tounen otomatik, sa vle di, ou fèl san fòse, san w pa menm rann ou kont. Plis pase 40% nan abitid nou yo otomatik.
Derasinen yo move abitid se pa bagay ki fasil pyès, sa mande anpil fòs, volonte ak pasyans. Ou dwe byen idantifye move abitid yo epi deside bon abitid pou ranplase yo. Egzanp. move abitid: Pèdi tan sou rezo sosyo, bon abitid: Lekti oubyen etidye. Eseye youn pa youn paske si w vle chanje tout yon sèl kou gen 99% chans pou w echwe, sa se rezon ki lakoz nou pa janm reyisi ak rezolisyon nou konn fè pou nouvèl ane yo. Map raple w kew ka pran desizyon pou w chanje abitid ou yo nenpòt moman nan ane a, sa vle di si w pa reyisi nan kòmansman ane a, ou pa oublije tann lòt ane.
Pou w chanje move abitid ou yo, ou dwe :
Abitid se kle pòt siksè w oubyen echèk ou. Se menm jan ak fil zaryen, lè l kòmanse li fen epi fèb men depil fin kole nèt li pi di pase kòd batiman. Dezanbarese w de tout vye kòd move abitid ki nan vi w. Chanje abitid ou, chanje lavi w, souri ak lavni w.
Dr. Jackson Josaphat
An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…
Gen yon moman nan lavi chak moun gen yon kote yo gen pou deside kisa…
Daprè Òganizasyon Mondyal Lasante, maladi se yon chanjman oubyen yon eka ki genyen nan sa…