SIKOLOJI AN KREYOL
Sante Mantal Mwen Avan Tout Bagay
  • Akèy
  • Atik
    • Siperasyon Pèsonèl
    • Fanmi
    • Lavi
    • Edikasyon
    • Sante
  • Kiyès Nou Ye
    • Kiyès Nou Ye
    • Ekri avèk SAK
    • Sipòte nou
  • Dokiman
    • kreyòl
    • Español
    • Français
    • English
  • Sèvis
    • Aplike Tès Sikolojik
    • Konsiltasyon sikolojik Covid-19
  • Kontak
HG

Atik/ Edikasyon/ Fanmi/ Lavi

VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (DEZYÈM PATI)

Gardy Docteur depresyon, edikasyon, fanmi, sante, sikoloji February 6, 2017

Tweet

Leonore Walker eksplike nou sik vyolans lan yon fason, daprè li posesis maltrete moun nan gen yon jan li evolye.
Li di premye faz yo se sa yo:
Faz akimilasyon e ogmantasyon tansyon: Kòmansman faz sa vreman itil e lap ogmante dezantan. agresè a komanse bay kèk konpòtman vyolan, li di vye pawol ki ka blese moun nan, li mete kèk kontwol sou rantre e soti moun nan. Viktim nan menm li komanse a abesel pou evite pale anpil ak agresè a, li panse ke se li ki antò vreman, e pandan sa agresè a ap ogmante pouvwal de jou an jou.

  • Faz eksplozyon

Nan faz sa vin gen yon lachman de tansyon kite akimile nan premye faz la, agresè vin ap frape viktim nan fisikman, sikolojikman oubyen seksyelman.

  • Faz distans

Nan faz sa agresè a profite de sa ke viktim nan depann de li a, tankou lajan poul fèl wè ke li bezwenl nan vil vrèman.

  • Faz rekonsilyasyon oubyen lin de myèl

Faz sa se yon peryòd ke tout bagay ale byen, agresè a montre kel regrèt tout sal te fè yo, li ap bay viktim lan lanmou, li dil ke li te pedi kontwòl e li pap janm fe sa ankò.
Le fè ke ou se yon viktim vyolans ka menmen yon gwo enpak sou vi emosyonèl, sikolojik e sosyal yon moun. Vyolans ka kite mak kay yon moun ki pèmèt moun sa ap soufri pou tout lavil, sa ka afekte lavil chak jou avek tèt li e lot moun ki bò kotel.
San martín (2004, 247) di ke gason ki vyolan montre yon eta ki boulvèsan, sa vle di ke moun sa pa stab e li fache yon moman. Se sak fè nou ka wè moun sa yo poukont yo la plipa des fwa, yo sansib lè yo rejte yo e yo vyolan anpil le yo fache.
Abizè ki itilize anpil fason pou yo fè zak yo gen pi ba nivo kòlè ak depresyon ke gwoup ki aji sou fòs enpilsyon yo sepandan, yo montre pi wo nivo nan zafè lanmou pou tèt yo ak manipilasyon tankou moun psikopat, yo gen tandans menase ak agrese patnè yo lè li pa satisfè demand yo. Ka sa yo souvan lye nan abi alkòl ak dwòg ak konpòtman ki pa sosyal.
Moun ki fè pati gwoup sa,abizè ki gen kontwòl, yo mwens vyolan pase gwoup anvan an, yo pratike abi sikolojik tankou yon refleksyon nan enpèfeksyon pèsonèl yo, se moun ki sakrifye afè pèsonèl yo po lòt moun, yo depandan epi yo gen karakteristik moun ki obsede.
Latwoublay Sikolojik nou pral di yo la ka varye anpil, men nan yon fason oubyen yon lòt, yo prezan nan ka vyolans domestik: Kòlè se yon repons a yon sitiyasyon ki koz malèz oswa yon fason ki pa apwopriye lè wap fè fas ak pwoblèm chak jou. Abizè karakterize tankou moun ki pa gen kontwòl sou kòlè yo. Yon moun ki kapab pale nan yon kòlè egzajere e li gen konsekans negatif pou byennèt lòt moun ak yo menm ki fèl la, kòlè sa fèt menm lè li pa nesesè.
Difikilte nan ekspresyon emosyonèl yo se rasin anpil konfli ak vyolans nan on fanmi. Anpil gason pa aprann a eksprime sa yo santi paske swa dizan yo di se sous feblès yo di gason an dwe yon moun ki fò.
Gason ki vyolan gen estim yo ba anpil, yo gen tandans evalye pifò sitiyasyon yo ladan tankou yon menas. difikilte nan lache santiman ak pèsepsyon defòme yo genyen de reyalite kreye yon pwoblèm, pou li rezoud konfli li itilize metòd ki pa otreman ke sèvi avèk vyolans Izolasyon emosyonèl tou se yon faktè ki parèt souvan nan anpil gason ki vyolan. Yo souvan gen anpil prejije mantal, ak move kwayans wòl gason ou byen fanm, ak enferyorite yon fanm nan sosyete a, yo montre vyolans tankou on moyen pou rezoud problèm. Konsa, yo gen tandans sèvi ak strateji pou evade responsablite konpòtman vyolan yo genyen.
Abizè yo gen tandans gen yon konpetans pòv nan sa ki rele kominikasyon ak yon tolerans fristrasyon ki ba e estrateji kipa apwopriye pou rezoud pwoblèm. Vyolans kapab yon fason dezespere nan eseye jwenn yon estimasyon ke yon gason pa ka jwenn okenn lot kote. Moun sa sevi ak vyolans tankou pretèks pou li ka gen yon estim wo de tèt li, se sak fè li prèt pou vole lè yon moun ta atake yon bagay ki sanble se diyitel li ye.
Alò nou ka rezime e bay kèk egzanp de yon moun ki vyolan nan kay:

  • Moun sa jalou anpil
  • Li vle posedew
  • Li fache fasil lè ou bal yon limit
  • Li paka kontwolel
  • Li bwè alkòl anpil
  • Li bay lot moun responsab pwoblem li yo
  • Li chanje yon moman
  • Li brital e kraze kèk bagay lè li fache
  • Li panse ke fanm supoze anba gason
  • Li konn bat fanm deja
  • Li pa kwè nan tèt li

Nou wè chak jou yon modèl de relasyon e yon sosyete ki pi vyolan. Kote de pli zan pli mwens valè yo bay sak rele respè a, kote se sèlman valè materyèl yo apresye. Okenn moun pa dwe nan kenbe tèt avèk zak kont diyite yo ak sante yo. E chak jou bagay yo vin pi mangonmen. Sosyete a kòmanse santi gwo domajman, ak konsekans pèsonèl ak sosyal.
Se sak fè pwoblèm sa a kenbe youn nan diskisyon ki pi serye pou kounyea , nan medya sosyal nou gen moun ki poze kòm pwopozisyon bay plis ane prizon a agresè yo, gen lòt moun ki pwopoze kèk kalite sipò sikolojik, men plis sou bò moun ki egzèse vyolans lan. Nou panse ke li ta bon pou òganize yon pratik kiltirèl ak yon egzèsis kote nou pral pi klè konn sa kilti a, sosyete a ,epi nasyon an vle de moun kap viv nan kontèks sa.
Li sanble ke anpil moun pa dakò vyolans lan, malgre aprè anpil pale se toujou menm bagay la ki repete, kounyea kòm nou eseye antre nan plis detay pou nou wè kisa ki motive mòd pratik sa fòk nou denonse sa ki rele vyolnas lan, chanje mòd aksyon ki detèmine yon fanm ak yon gason nan yon relasyon, lè sa nou ka pale de chanje mantalite moun sou sa ki rele vyolans sou tout fòm nan, vyolans sa kap fini avek nou an, vyolans an kachèt sa.

Bibliografi
Centro de Estudios de Género . (2013). Violencia contra las mujeres aportes para su erradicación. Santo Domingo. Centros de Intervención Conductual para Hombres. (2013). Aportes y desafíos para la intervención con Hombres Agresores. Santo Domingo. Cristina Almeida, M. G. (2005). Las huellas de la violencia invisible. Barcelona: Ariel. Organizacion Mundial de la Salud. (2002). Informe sobre la violencia. SANMATIN, J. (2004). El laberinto de la violencia. Barcelona: Ariel.

 

Atik: Gardy Docteur, Lisansye Sikoloji klinik.

Facebook Comments

Related Posts

photo-of-woman-holding-a-plant-2702399

Atik /

ATANSYON W AP TOUFE M

Bloke mantalman

Edikasyon /

BLOKE MANTALMAN

adorable-beautiful-beautiful-eyes-2113709

Fanmi /

LAVI SIKOSOSYAL AK FAMILYAL TIMOUN SOUD

‹ VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (PREMYE PATI) › JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)

Kategori

  • Amizman (7)
  • Atik (42)
    • Fanmi (21)
    • Lavi (22)
    • Siperasyon Pèsonèl (11)
  • Jeneral (42)
  • Sante (29)
    • Edikasyon (22)
  • Teknoloji (5)

Dènye Tweet nou yo

Back to Top

  • Akèy
  • Kiyès Nou Ye
  • Atik
  • Kontak
© SIKOLOJI AN KREYOL 2026
ht Haitian Creole
en Englishfr Frenchht Haitian Creolees Spanish