JWÈT SE JWÈT, KROCHÈT PA LADAN ( BULLYING, ENTIMIDASYON)
Bullying se yon mo anglè ke yo itilize pou yo ka dekri yon konpòteman de move je, ladan ou wè vye tapaj, pran plezi sou yon lòt, vye pawòl ki blesan, ignore yon mounn, atak fisik e psikolojik, abi, entimidasyon. Zak sa yo ka poze pa yon moun oubyen yon gwoup sou yon moun ki parèt fèb.
Sitiyasyon sa pi souvan ou jwenn li lekòl, men li ka pase nan lari tou. Pa konfonn Bullying avèk ti tapaj nan etap adolesans lan, pandan ke adolesan yo ap pran ti plezi yo ant yo menm, pèsonn pa soti blese. Bullying lan se yon zak ki danjere, moun ki soufril la kou moun ki fèl la gen gwo konsekans ki ka vin koze nan lavi yo pi devan.
Pami konsekans sa yo nou ka di: depresyon, sisid, estim ba, la perèz lè pou moun sa al lekòl, kochma nan nwit, pèt apeti, pwoblèm nan randman lekòl pou moun ki soufril la. Moun ki fèl la menm ka vin rete nèt avek yon taperaman agresif, pwoblèm pou montre emosyonl, pwoblèm nan relasyon pèsonel li e pwoblèm nan randman lekòl tou.
Karakteristik nou jwenn souvan kay moun ki soufri bullying yo se:
Bon moun:
Moun sa yo pa pratike vyolans, yo renmen ret trankil, yo pa renmen wè moun ki ap soufri. Moun ki pa defann tèt yo: Li ka se paske yo pè, oubyen paske yo pa ase gran pou yo defann tèt yo. Tandans etranj: li ka yon moun ki abiye yon fason ki pa menm jan ak lòt timoun, oubyen yon timoun ki pale yon fason etranj pou lòt yo, moun sa yo se tagèt moun ki pratike bullying.
Timid e solitè:
moun say o renmen ret poukont yo, yo pa pale anpil, e yo pa two rantre an konfyans ak lot moun, ki vin fè moun ki pratike bullying lan abize yo ,bay blag sou yo. Bò kote moun ki pratike bullying lan nou ka jwenn kòm karakteristik tankou: Yon moun ki gen yon sitiyasyon sosyal negativ:
Moun sa la plipa defwa yo konn rechazel paske li twò vyolan, li konn vin egzèse bullying lan poul ka montre li enpotan e gen pouvwa sou moun.
Mank edikasyon:
Moun sa yo pa resevwa ase edikasyon lakay yo pou yo konnen ke yo pa dwe derespekte lot moun, e ke chak moun gen libete pou yo fason ke yo vle ye, yo pa dwe rekouri a vyolans.
E kiyes ki responsab lè tout bagay sa yo ap pase nan yon lekòl?
- Paran yo e pwofesèm e administratè yo responsab de sa, paske yo dwe voye je sou timoun yo ak jèn yo pou yo pa pratike vyolans youn sou lòt.
- Moun ki wè zak la epi li pa denonsel, des fwa li menm sipotel.
Kisa nou ka fè?
- Si nou wè zak sa yo nou dwe denonse yo a responsab enstitisyon kote sa ap fèt la.
- Òganize reyinyon ak paran e pwofesè yo pou ka jwenn yon solisyon e edike timoun yo pou yo pa pratike e viktim de vyolans.
- Al wè sikològ ki espesyalizel nan konpòteman timoun ak adolesan pou plis èd.
Kisa ki pa dwe fèt?
- Pa itilze vyolans pou rezoud pwoblèm lan, sa ka bay agresè a plis pouvwa poul fè plis mal.
- Lè yon timoun vin rakonte yon zak bullying pa dil regle sa poukont li, pa ignorel, sil te ka reglel li patap vin diw sa.
- Timoun yo pa janm dwe eseye regle sa poukont yo tou, fòk yo antre paran yo, profesè yo nan koze a.
Mezanmi, koze sa pa jwèt toutotan nou anpeche fenomèn sosyal sa pase nan milye nou, nap evite yon gwo pwa lou sou konsyans nou, paske pa bliye gen anpil moun ki touye tèt yo paske yo soufri zak bullying. An nou tout di aba abi, aba entimidasyon, aba “bullying” nan lekòl kou nan lari.
Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik.

Facebook Comments