SIKOLOJI AN KREYOL
Sante Mantal Mwen Avan Tout Bagay
  • Akèy
  • Atik
    • Siperasyon Pèsonèl
    • Fanmi
    • Lavi
    • Edikasyon
    • Sante
  • Kiyès Nou Ye
    • Kiyès Nou Ye
    • Ekri avèk SAK
    • Sipòte nou
  • Dokiman
    • kreyòl
    • Español
    • Français
    • English
  • Sèvis
    • Aplike Tès Sikolojik
    • Konsiltasyon sikolojik Covid-19
  • Kontak
ak

Atik/ Edikasyon/ Sante

DEPRESYON APRÈ AKOUCHMAN

Rhode Bermine Banatte adiksyon, edikasyon, sante, sikoloji April 10, 2017

Tweet

Nou te pale nou de kisa ki depresyon an deja ki vin fè avèk tit sa nou ka wè plizoumwen de kisa nou anvi pale lè nou di depresyon aprè akouchman.
Depresyon aprè akouchman petèt nou pa twò pote atansyon a li, men se yon bagay ki pase souvan lakay yon fanm lè li fin akouche. Gen moun ki konn menm arive a pèdi bon sans yo menm aprè yon akouchman men gen trètman pou li, se sak fè li bon poun konnen siy yo e prete atansyon a yo.

Gen anpil moun ki ap pase nan etap sa, yo pa menm konn kisa yo genyen, e sa pote yo pi mal toujou.
Depresyon aprè akouchman se yon depresyon ki ka pase de modere a grav lakay yon fanm apre li fin akouche epi li ka rive yon ti tan aprè timoun nan fèt oswa jis aprè yon ane pita. Pi souvan tan li konn fè se twa premye mwa akouchman.
Kisa ki lakoz li?
Yo pa vrèman ka idantifye kisa ki lakoz li, men nivo òmon lakay yon fanm pandan li ansent oubyen aprè akouchman ka afekte eta imè yon fanm, epi anpil bagay ka afekte eta imè yon moun, tankou:

 

  • Chanjman nan kò a kòm yon rezilta nan gwosès ak akouchman.
  • Chanjman nan relasyon travay ak sosyal.
  • Fanm nan gen mwens tan ak libète pou tèt li.
  • Manke dòmi.
  • Enkyetid sou kapasite l dwe genyen pou li yon bon manman.

Yon moun ka gen plis chans fè eksperyans depresyon aprè akouchman si:

  • Gen mwens ke 20 lane.
  • Si lap konsome alkòl, dwòg ilegal oswa fimen (ki se risk nan sante ti bebe a).
  • Li pa t ‘ fe plan gwosès oswa te gen santiman melanje sou sa a.
  • Li te gen depresyon, twoub bipolè oswa yon twoub anksyete anvan gwosès oswa nan yon gwosès anvan sa li ye a.
  • Li te viv yon estrès pandan gwosès oswa akouchman, pa egzanp yon maladi, lanmò oswa maladi lakay yon moun ke li renmen, yon livrezon difisil oswa ijans,timoun nan fèt twò bonè oubyen avèk yon maladi oswa timoun nan vini avèk kèk pwoblèm nan devlopman ògan li yo.
  • Moun nan te gen yon fanmi pre ki te gen depresyon oswa enkyetid.
  • Move relasyon ak mari a oubyen li pa gen yon konpay.
  • Gen pwoblèm lajan.
  • Pa gen sipò nan men fanmi, zanmi oswa mari.

Kisa moun sa santi?
Li enkyè,li nève fasil, li kriye souvan, epi li ajite, yo konn prezante nan de premye semèn yo apre gwosès la. Santiman sa yo konn disparèt byen vit.
Nou ka pale de depresyon aprè akouchman lè moun nan dire plis ke 1 mwa epi li toujou menm jan. Sentòm depresyon apre akouchman se menm bagay ke depresyon nou souvan tande pale de li a. Ansanm ak yon atitid tris oswa deprime, ou ka gen kèk nan sentòm sa yo:

  • Ajitasyon ak ti san chimè.
  • Chanjman nan apeti.
  • Santiman ke li pa itil oubyen koupab.
  • Santi ke li lwen.
  • Pa gen enterè oswa plezi nan tout oswa pifò aktivite.
  • Pèdi konsantrasyon.
  • Pa gen fòs.
  • Gen pwoblèm nan fè travay nan kay la oswa nan travay li.
  • Panse a lanmò oswa swisid.
  • Difikilte pou dòmi.

Yon manman ki gen depresyon aprè akouchman ka:

  • Paka pran swen tèt li oswa tibebe a.
  • Pè rete poukont li ak ti bebe a.
  • Panse mal de ti bebe a, e menm arive a panse fèl mal.
  • Preokipe twòp de ti bebe a oswa pa gen enterè pou li.

Depresyon sa pa sèlman parèt kay fanm, gason konn fèl tou. Craig Garfield te fè yon etid sou sa li wè ke 5 a 10% gason aprè madanm yo fin akouche yo fè depresyon sa. Sentom pa gason an konn parèt nan twazyèm a sizyèm mwa timoun nan. Sa ki ka lakoz li se lè gason an santi li ka pa yon bon papa, oubyen ke li menm tou li te soufri nan anfans li akoz de absans papa li oubyen li wè yon timoun nan tankou yon rival.
Kisa ki ka fè pou trete depresyon aprè akouchman?
Yon nouvo manman ki gen nenpòt sentòm sa yo nou sot site a la ta dwe kontakte doktè li pou èd, depi aprè de semèn moun nan ta wè sentom yo pa ale.
Kisa moun sa ka fè ankò se:

  • Jwenn èd nan men patnè ou, fanmi ak zanmi nan pran swen ti bebe a.
  • Pa kache santiman ou yo. Pale sou yo ak patnè ou, fanmi ak zanmi.
  • Pa fè okenn gwo chanjman nan lavi ou pandan gwosès la oswa yon ti tan aprè akouchman.
  • Pa esye pafè oubyen bay tèt li twòp egzijans.
  • Mete sou kote tan pou sòti, vizite zanmi oswa pase tan avèk mari a.
  • Repoze valè tan ou panse ki nesesè. Dòmi lè tibebe a ap dòmi.
  • Pale ak lòt manman oswa rantre nan yon gwoup sipò.

Trètman pou depresyon aprè akouchman souvan gen ladan medikaman, terapi oswa tou de. Bay tete ap enfliyanse nan medikaman doktè a ta sipoze bay. Li preferab wè yon doktè sante mantal pou plis èd. Gwoup sipò ap itil, men yon moun pa dwe preferel ke medikaman oswa sikoterapi. Epi pa swiv trètman ka fè ke li dire anpil sou moun sa jiska lane oubyen rive a depresyon majè. E li ka afekte moun nan jiskaske li fè tèt li mal oubyen fè bebe a mal.
Yon bon sipò de fanmi, mari, zanmi ka ede yon fanm ki fenk akouche, e evite sitiyasyon lapèn. Sante mantal yon moun enpòtan fè atansyon e prete atansyon ak siy yo.

 

Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik.

Facebook Comments

Related Posts

photo-of-woman-holding-a-plant-2702399

Atik /

ATANSYON W AP TOUFE M

Bloke mantalman

Edikasyon /

BLOKE MANTALMAN

black-black-cat-blur-1510543

Sante /

MIT LAKAY AYISYEN

‹ “FÈ LEFOU POUW PA PEYE DWA” ( TWOUB MANTAL) › MARYAJ, FANMI AK RELASYON KOUP

Kategori

  • Amizman (7)
  • Atik (42)
    • Fanmi (21)
    • Lavi (22)
    • Siperasyon Pèsonèl (11)
  • Jeneral (42)
  • Sante (29)
    • Edikasyon (22)
  • Teknoloji (5)

Dènye Tweet nou yo

Back to Top

  • Akèy
  • Kiyès Nou Ye
  • Atik
  • Kontak
© SIKOLOJI AN KREYOL 2026
ht Haitian Creole
en Englishfr Frenchht Haitian Creolees Spanish