MARYAJ, FANMI AK RELASYON KOUP
Jodi a nou pral pale sou yon sijè trè enteresan, ki se maryaj ak fanmi e relasyon. Avèk progresyon ki vin genyen nan preferans seksyèl, tout moun gen lide pwòp yo de kòman yo ka defini maryaj ak fanmi. Mwen deside ekri jodia sou maryaj tradisyonèl ant yon gason ak fanm.
Le pli vit ke yon gason desann sou jenou l poul poze kesyon sa ke anpil fanm nan yon relasyon etewoseksyèl ta anvi tande kise: ou ap marye avem? Avèk akimilasyon nan angajman ki genyen ant koup, ak nan maryaj, anpil konpliman ak mesaj oswa konsèy sou kòman relasyon an dwe ye kòmanse tonbe. Kòman relasyon an dwe dewoule depi moman jiska pi devan, sa nou dwe tolere ak sa ki pa ta dwe tolere, wap wè ke tout moun vle abode sijè a.
Koup sa yo bliye ke etap sa yo ki se sik andedan lavi yon koup ak fòmasyon debaz yo depi nan fanmi orijin yo, e yo ta dwe etabli pwòp règleman yo epi pèsonn, absoliman pèsonn pa dwe antre. Devwa etap sa mande, epi sa koup la ta sipoze pale ant yo menm se:
- Defini nouvo pwen nan relasyon ak lòt moun ki zanmi yo chak.
- Asire yo ke fwontyè ki genyen yo pèmèt kwasans patnè yo.
- Mete amoni nan sa youn ap atann de lòt ak diferan stil vi yo.
- Kreye mach a swiv pou sa ki entim a koup la.
- Etabli nouvo fontyè ant relasyon ki genyen ant nouvo fanmi yo, zanmi, espas travay, katye, ak lòt kontèks ki enpòtan.
- Modifye règleman aktivite ki te satisfezan pou de moun yo.
- Mete relasyon an avan tout bagay san ke nou pa detwi relasyon fanmi yo.
- Kòm tout bagay gen yon nivo risk yo, menm si yo ka kontwole nan etap sa nou ka jwenn kòm risk:
- Mete limit ki twò rèd oswa twò mou ki vin kreye pwoblèm.
- Konfli ak fanmi ak zanmi yo.
Jan Gottman ke yo rekonet atravè lemond pou travay li sou estabilite relasyon ak predi divòs, pale sou kèk mit nan relasyon, ke nou pral mansyone pi devan, e mit sa yo bay anpil pwoblèm nan relasyon ki an sante sèlman paske patnè yo kwè se aksyon mal yo ye e yo twonpe yo.
Pandan anpil ane li te jwenn mit sou relasyon,yo e yo pa fòseman vrè men potansyèlman yo detwi relasyon tou. Yo danjere paske yo ka mennen yon relasyon nan wout ki mal, oswa pi mal toujou konvenk yo ke maryaj yo san espwa. Pami mit li mansyone nan rechèch li yo gen yon mit ke m frape pa yo, e atire atansyon m’, e yo gen pou wè ak jesyon nan konfli nan relasyon. Mwen pral mansyone 3 kalite pwoblèm sa yo:
- Pwoblèm ki gen solisyon: li ka yon sitiyasyon sou netwaye kay, disiplin nan timoun, sèks, bò pè,bèl mè.
- Pwoblèm ki pa gen solisyon: Chak koup gen yon pwoblem ki pa gen solisyon. Menm jan avè sa yo ki gen solisyon yo, li ka menm tèm nan afè travay nan kay, timoun, sèks, fanmi, eksepte ke yo se pwoblèm ke koup la ap genyen e regenyen ankò. An reyalite, 69% nan konfli nan relasyon yo pa gen solisyon (yo renouvle toutan), alò kisa ki pou fèt se akseptasyon diferans youn lòt. Pale sou pwoblèm sa yo pou evite anbouteyaj ak resantiman. Objektif la se jere konfli a, se pa rezoud li.
- Blokaj / anbouteyaj: Yo se pwoblèm ki pa gen solisyon e ke yon koup pa travay sou yo nan bon fason an e yo vin yon pwoblèm ki vin fè moun yo pa alèz. Lè koup sa ap diskite sou pwoblèm sa yo ou ka santi ke yo pap rive okenn kote. Blokaj la fè ke pwoblèm nan vin parèt kache.
Atik: Gardy Docteur, Lisansye Sikoloji klinik.

Facebook Comments