IMOU : MEKANIS DEFANS OUBYEN LAREZILYANS

Li vini yon bagay ki kouran nan peyi a pou jwenn yon gwoup moun, keseswa zanmi, vwazen, fanmi, chita ansanm nan yon moman detant ap diskite, boukante lapawòl. Echanj sa yo pi souvan konn gen blag, devinèt ak teyat. Estrateji sila a fèt nan objektif pou chache yon distraksyon, yon anbyans oubyen pou pran distans ak sitiyasyon moun ki nan sosyete a ap fè fas yo. (Amazan Bernadin, premye kongrè AHPsy)


Nan kilti pèp ayisyen an, sitou nan sa ki gen a wè ak rasanbleman kolektif, tankou konbit, vèy, grèv, nou kapab remake sitiyasyon sa a pa sispann repete (2). Nan lide pou n eseye fè limyè sou fenomèn sila a, nou poze tèt nou kesyon sa yo : Kòman teyori fredyen (Freudien) an kapab ede nou konprann fenomèn sa a ? Eske imou an kapab tounen yon mekanis defans? Nan ki sans imou an kapab vini yon faktè larezilyans?

Divès otè nan divès lekòl eseye bay dizon yo sou kesyon imou an. Nan fouye nan literati ki egziste, sitou nan yon pèspektif filozofik, yo dekri moun kòm endividi ki renmen ri. Sa vle di lè yon moun ri se nan lide pou l pwouve oubyen bay sans ak lavi l. Ri rantre pi souvan nan kad imou. Kidonk, lè ri a chanje pou imou li gen yon patikilarite byen presi. Se patikilarite sila ak sans li charye dèyè l la plizyè otè – filozòf (Aristote, Voltaire, Bergson), syantifik (Vaillant, Freud, Lacan, Ionescu) vle chache konprann. Nou menm, nou p ap abòde kesyon an nan yon pèspektif filozofik paske se pa twò objektif travay nou an. N ap prezante sèlman analiz ak lide sikanalis Sigmund Freud fè sou imou epi n ap wè nan ki sans li kapab tounen yon mekanis defans pandan n ap tou voye yon kout je sou aspè larezilyans lan ki kache dèyè l la.

Konsiderasyon sou mekanis defans ak larezilyans
Daprè Chabrol ak Callahan (2013), larezilyans marye ak kapasite pou fè fas ak tansyon, konfli, danje ki ka soti swa anndan oubyen nan antouraj yon moun. Li charye 2 gwo tip operasyon mantal: premyèman mekanis defans lan, dezyèmman pwosesis (estil) koping lan. Men fòk nou soulinye yo pa manifeste menm jan epi yo pa gen menm misyon. Mekanis defans lan nan bò pa l se yon pwosesis mantal ki fèt otomatik. Sa vle di li aktive san kontwòl, san volonte sijè a. Pwosesis (stil) koping lan se yon operasyon mantal ki fèt ak volonte nan sans ale mennen vini, sijè a bay/ reponn ak yon pwoblèm. Alòs sa ki opoze operasyon mantal sa yo pou de (2) otè nou sot site yo se sitou aspè patolojik premye a ak aspè adaptif dezyèm lan. Kidonk tou lè de (2) kapab aktive pou favorize moun adapte ak difikilte lavi a epi sitiyasyon chokan yo. Genyen plizyè tip mekanis defans nan egzèsis operasyon mantal la tankou: refoulman, projeksyon, deni, regresyon, klivaj, deplasman, siblimasyon eksetera. Si nap konsidere klasifikasyon DSM-IV la sou mekanis defans yo, nou kapab remake li fèt an fonksyon karaktè adaptif la epi an fonksyon yon sib. Kidonk konsiderasyon sa yo pèmèt nou wè mekanis defans yo nan aspè nivo. Se nan sans sa a nou kapab remake nan nivo adaptif elve a, nou jwenn imou an.

Kisa imou an ye?
Manyèl deteksyon ak estatistik twoub mantal yo (DSM-IV, 2000) defini imou tankou aspè amizan oubyen iwonik konfli yo oubyen sitiyasyon estrès yo. Pou Freud (1905) imou an lye ak yon kondisyon. Sa ta vle di enplikasyon panse otomatik (prekonsyan) ladan l. Li konsidere l tankou youn nan pi wo reyalizasyon defans mantal la mete an plas. Fòk nou sinyale genyen plizyè estil imou (Beaudoin, 2013). Si n ap konsidere imou an tankou yon pwosesis koping, n ap jwenn li genyen 4 kategori. Kategori yo kapab oubyen pozitif oubyen negatif. Si nou panche sou pòl pozitif la, n ap jwenn imou agresif epi devalorizan ki fòme nan yon sans dimansyon adaptif imou an. Pou pòl negatif la li menm, nou ka konte imou afilyatif epi imou otovalorizan ki fòme an nan yon sans dimansyon dezadaptif imou an.

Imou tankou yon mekanis defans
Lide pou konprann, analize konpòtman moun ak tout sa li genyen epi resanti reprezante yon pilye nan teyori sikanalitik la. Se youn nan eleman ki vin mennen Freud bay konpreyansyon li epi rive elabore diferan topik nan sa ki gen ak wè ak devlopman. Youn nan topik sa yo defini fason pèsonalite moun fòme. Li avanse 3 sistèm kòm ipotèz nan fòmasyon sila a: sa, mwa ak simwa. Pou Freud, simwa parèt nan mitan diferans ant sa ki konsène manman ak sa ki konsène papa ak sitou ant sa ki entèdi epi ki aksepte (Jakob, 1987). Lè simwa a atenn pi wo nivo l, mwa a sou bò pa l pa jwe gwo wòl epi tout enterèt li te genyen yo pa gen okenn sans ankò. Aprè li vini pi fasil pou simwa a pou li anpeche reyaksyon mwa a pwodui gras ak enèji li te rasanble (Freud, 1905). Kidonk, simwa a boujonnen imou an sou tout fòm li (ri, plezantri, modespri, komik). Imou an kapab reyalize de (2) fason. Premyèman, yon sèl moun ka fè l. Kidonk, sa ka vin debouche sou yon atitid imouris. Dezyèmman, li ka fèt ak de (2) moun. Nan echanj sa a, nou kapab wè nan de (2) moun yo gen youn ki rete pasif e lòt la menm jwe wòl enpòtan nan pwosesis la (Freud, 1905).

Imou tankou yon faktè larezilyans
Nan tout sosyete, moun fè fas ak tout kalte sitiyasyon nan lavi chak jou yo ki kapab genyen aspè demoralisan, dekourajman. Kondisyon lavi difisil (vyolans fizik, neglijans, mizè, lagè) kapab kondwi ak boulvèsman epi ak yon move fonksyonman mantal. Se yon ka nòmal, si fenomèn sila a pa anpeche mennen aktivite l ap fè kòmsadwa nan sosyete a.
Kapasite moun nan mete an plas pou l fè fas ak pwoblèm estrès gras ak mekanis adaptif yo pou pèmèt non sèlman ret fèm men tou pou rebondi epi tire pwofi de angajman sa a. Se sa otè yo rele larezilyans lan (Wood E. Samuel et Al. ,2009). Boris Cyrulnik (2001) (3) defini larezilyans lan tankou yon: « Pwosesis, yon ansanm fenomèn an amoni sijè a rasanble ansanm nan kontèks afektif, sosyal ak kiltirèl. […] Moun ki rezilyan an manifeste resous entèn ki layite toupatou nan memwa l, […]» (4)
Larezilyans se yon rale mennen vini faktè anvironmantal yo, faktè sikolojik yo epi faktè konpòtemantal yo. Pou n konprann larezilyans lan nou dwe analize byen rapò konplèks diferant faktè sa yo. Fò n soulinye tou, nou kapab rankontre larezilyans lan nan tout tranch laj. Kòmanse nan laj timoun rive nan lavyeyès.
Larezilyans kapab yon pwosesis (estil) koping ki enfliyanse ak kontak faktè endividyèl yo sou yon bò epi ak faktè sitiyasyonèl yo nan yon lòt bò. Nan pèspektif sikanalitik la, lè yo fè referans ak larezilyans nou dwe pran an kont mekanis entra-sichik la ki jwe yon gwo wòl. Sa ta vle di, moun ki rezilyan an devlope lakay li sans imou. Nan sans sa a, imou an kapab konsidere tankou yon faktè larezilyans si li konpòte l menm jan yon ajan proteksyon epi menm jan yon mekanis adaptif (Beaudoin, 2013).
Moun mete an plas operasyon mantal pou fè fas ak konfli anndan epi konfli deyò nan anviwonnman l. Sa a debouche swa ak ansanm mekanis defans oubyen faktè larezilyans. Se nan egzèsis sila a imou an pran jarèt. Moun itilize imou swa tankou yon proteksyon kont diferan faktè (sikolojik, anviwonnmantal ak konpòtemantal), oubyen tankou yon mwayen adaptif ak reyalite l. Freud (1905) avanse imou an pa travay sèlman nan rezinye, li jwe wòl defyan tou epi li enplike l non sèlman nan rejwisans mwa a menm jan tou nan prensip plezi a ki jwenn espas pou l travay malgre anpil kontrent nan reyalite a. Kidonk, itilizasyon moun fè de imou charye anpil sans dèyè l. Li t ap enpòtan pou travay k ap fèt yo chache konnen vrèman reprezantasyon ak nan ki moman yon moun chwazi fè imou.

Nòt
(1)Nou pa gen okenn pretansyon fè yon etid pouse sou kesyon an. Se yon sentèz, ranmase nou fè sou sa teyori sikanalitik (sitou Sigmund Freud) la di sou kesyon imou an. Nou pa fè analiz, entèpretasyon done nan travay la sa se youn nan feblès li gen ladann.
(2)Nan konesans pa nou pa gen anpil travay ki fèt sou sans, reprezantasyon ak itilizasyon imou an nan kontèks evolisyon ayisyen an. Li t ap enpòtan pou plis limyè ta fèt sou kesyon sa a.
(3)Bernadin Amazan site
(4)Se nou menm ki fè tradiksyon an. Men vèsyon fransè a : « La résilience consiste en un processus, un ensemble de phénomènes harmonisés ou le sujet se faufile dans un contexte affectif, social et culturel. […]. Le résilient doit faire appel aux ressources internes imprégnées dans sa mémoire, […] »

Bibliografi
1. AMERICAN PSYCHIATRIC ASSOCIATION, 2000, Diagnostic and Statistical Manual of Mental Disorders, 4th ed., Washington, D.C. , p.1082
2. Bernadin Amazan, Haïti post-séisme : Résilience communautaire. Le cas d’un quartier à Thomassin 32, (Dir) Ronald Jean Jacques et Marjory Clermont Mathieu, In Revue haïtienne de santé mentale, Actes 1er congrès de l’association haïtienne de psychologie (AHPsy) : La santé mentale en Haïti après le 12 janvier 2010 : Traumatismes, Approches et traitements.
3. BEAUDOIN Axelle (2013), Transition vers la parentalité : humour et résilience, Thèse de doctorat, Université du Québec à Trois-Rivières, p. 226
4. CHABROL H, CALLAHAN S. (2013), Mécanismes de défense et coping, Paris, Dunod, 2ème édition, p.299
5. FREUD S. (1905), L’humour In Le mot d’esprit et ses relations avec l’inconscient, Paris, Gallimard, 1988. Document disponible à l’adresse suivant : http://classiques.uquac.ca/classiques/freud_sigmund/le_mot_d_esprit/le_mot_d_esprit.html
6. JAKOB Pierre, Freud et la psychanalyse, Coll. «Les intégrales de philo », édition Nathan, Paris 1987, p.127
7. WOOD E. Samuel et Al. (2009), L’univers de la psychologie, éditions du Renouveau pédagogique, Canada, p.445

Atik: Nelson Paul,Etidyan sikoloji nan fakilte syanzimèn (FASCH/ILA)

Nelson Paul

Share
Published by
Nelson Paul

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

6 years ago