SIKOLOJI AN KREYOL
Sante Mantal Mwen Avan Tout Bagay
  • Akèy
  • Atik
    • Siperasyon Pèsonèl
    • Fanmi
    • Lavi
    • Edikasyon
    • Sante
  • Kiyès Nou Ye
    • Kiyès Nou Ye
    • Ekri avèk SAK
    • Sipòte nou
  • Dokiman
    • kreyòl
    • Español
    • Français
    • English
  • Sèvis
    • Aplike Tès Sikolojik
    • Konsiltasyon sikolojik Covid-19
  • Kontak
im

Atik/ Edikasyon/ Fanmi/ Lavi/ Siperasyon Pèsonèl

8 KARAKTERISTIK MOUN KI IMATI EMOSYONÈLMAN

Rhode Bermine Banatte edikasyon, fanmi, sante, sikoloji July 20, 2017

Tweet

Moun ki imati emosyonèlman fòme pati de yon ti gwoup nan popilasyon an, menmsi yo rive nan granmoun,yo toujou rete ak menm kondwit ki melanje, yo aji san reflechi,yo pa bay lòt moun regle anyen pou yo.
Karakteristik sa yo se pwòp a jan timoun panse akoz ke yo manke devlope sistèm nève yo, yo pako ka panse a gwo mo tankou ‘’ kominote’’ oubyen ‘’avni’’. Poutèt sa yo kite yo dirije pa ti kapris e yo evite sitiyasyon ki pa fè yo byen e ki pa ba yo plezi. Men moun ki imati yo karakteristik sa yo toujou rete lakay yo an piti oubyen gran kantite.

Kòman moun ki emosyonèlman imati ye?
Nan anpil aspè, aktyalite sosyal nan tan sa yo,yo baze yo anpil sou bote ak aparans, yo bay ochan a moun ki konpòte yo fason ki imati e ki endividyalis. Konsa, lèw pran men w’ pou w’ trete sa ki ap pase nan le mond, epi asepte pran responsablite se yon bagay yo wè tankou yon chay, yon bagay ki limite libète nou tout e anpeche nou jwi moman lavi sa.

Nou ka di sa yon lòt fason, aksepte abitid ki karakterize moun ki mati, nan anpil ka sa yo pa konte, Sa vin bay yon kalite moun ki vle prolonje jenès yo, nana ji yon sèten fason kit sete relasyon pèsonèl ak nan lavi pwofesyonèl yo. Sepandan, konpòtman sa nou tèlman wèl tout kote li vin “nòmal”, jan tout moun ka imajinel. Nan jwet konsa imatirite vin tèlman popilè ke yo paka reyèlman distengel ant lè li sa ak pa sa toutbon.
Kòman pou rekonèt yon moun ki imat emosyonelman ?
Nou pral wè prensipal trè ki karakterizel.

1. Mank senpati

Pwen ak referans prensipal pou nenpòt moun ki imati emosyonèlman se “mwen”. Etap mete nan soulye oubyen nan plas moun nan (Se kapasite ke yo rekonèt kòm senpati) se yon egzèsis ke yo pa fè fasil an konparezon a jan lòt moun fèl, e anpil fwa pati sa pa konte ditou.

2. Mank enteryorite
Moun ki imati difisil pou pran tan pou yo reflechi sou pwòp panse yo. Yo bliye posibilite yo genyen pou obsève pwòp tèt yo ak aprann de erè san se pa yon konsekans ki negatif ki soti deyò. Pou yon moun jwi byen de yon refleksyon enteryè sa pran anpil tan, men imatirite fè yo vin enpasyan, alò sa pa pou yo.

3. Aji san reflechi ak manke previsyon
Youn nan karakteristik prensipal yo nan moun ki emosyonèlman imati seke yo pa gen kapasite pou kontwole aksyon yo menm si gen konsekans alontèm ou pa ki ap soti kote yo. Kèlkeswa si efè aksyon yo ka grav anpil nan lavni, yo gen tandans kite yo ale ak yon ti kriz emosyonèl, sa pral fè konpòtman yo reflete reyaksyon moun ki baze yo plis sou bagay san sans ke sa ki lojik. Sa ka fè yo nan pwoblèm toutan.

4. Ba tolerans fristrasyon
Le fè ke yo gen tandans pa bay entansyon ak opinyon lòt moun yo valè, lè lòt moun pa konpòte yo jan yo ta vlel (koube devan volonte yo) sa bay yo pwoblèm yo toujou vle fè kòlè.

5. Tandans konsantre yo sou pwòp tèt yo
Sa se yon lòt konsekans lèw pa peye atansyon a sante sikolojik lòt moun yo: kòm yo panse sèlman a sa yo vle e sa yo panse, yo vin kwè ke lòt moun yo santi yo entérese anpil a pèsonalite yo, yo vin tonbe nan sa ki rele egosantris. Anfen, yo kwè ke yo se sant mond lan, lemond ap vire otou de yo sèlman.

6. Rityèl ak fantezi
Bagay ki pwodui ti plezi rive gen yon enpòtans esansyèl nan lavi moun ki imati yo. Anpil nan aksyon sa yo ki pwodui plezi yo vin tounen rityèl, epi yo pral pi enpòtan ke an rapò ak lòt moun, oubyen pou ta vini nan yon randevou a lè yo endike a. Nan lòt mo, yo pral gen preferans nan lis sa yo ta sipoze fè chak jou.

7. Enpòtans ki genyen nan gen yon bon imaj piblik
Emosyonèlman moun imati yo gen tandans enkyete anpil sou sitiyasyon ki kapab afekte imaj piblik yo, nan pwen ke yo ka antreprann yon pwojè oswa ale kote jis pou amelyore popilarite yo. Sa se paske yo bezwen apwobasyon nan men lòt moun, se tankou seta yon piki yo ba yo touswit pou ka ba yo plezi lè yo satisfè bezwen sa.

8. Degoutans
Lè yo pa nan yon kote ke yo pa santi ke yo remake, yo wè aktivite sa tankou yon pèt de tan e sa ba yo pwoblèm, yo gen degotans a aktivite a. Si nou ajoute mank pèspektiv yo, ke yo pa wè konsekans ak anyen, yo vin tounen yon tip de moun ki paka antreprann anyen. Tout sa pou yo ta antreprann yo di ya fèl demen.

Plizyè fason ou ka imati
Emosyonèlman moun ki imati pa gen pou li prezante tout 8 karakteristik sa yo. Lis la nan karakteristik yo trrase yon chema de sa ki defini imatirite. Sa vle di le fè ke ou an mank de sèten matirite emosyonèl ka manifeste li nan plizyè fason, tou depann sou kontèks kiltirèl kote moun lan leve a.

Bon, enfen gen anpil lòt sibstans ke yon moun ka depann de yo a pa de sa nou site yo, men eske ou panse se sèlman sibstans chimik ke yon moun ka adik a li? Eske yon moun paka adik a kèk aktivite? Nap kontinye pale de sa pandan semèn lan e nap bay kisa nou ka fè lè nou wè yon zanmi, yon fanmi depann oubyen ou menm depann de yon bagay.

Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik.

Sous : Psicologia y mente

Facebook Comments

Related Posts

photo-of-woman-holding-a-plant-2702399

Atik /

ATANSYON W AP TOUFE M

Bloke mantalman

Edikasyon /

BLOKE MANTALMAN

adorable-beautiful-beautiful-eyes-2113709

Fanmi /

LAVI SIKOSOSYAL AK FAMILYAL TIMOUN SOUD

‹ IMOU : MEKANIS DEFANS OUBYEN LAREZILYANS › KOUT JE SOU KRIZ IDANTITE GRANMOUN

Kategori

  • Amizman (7)
  • Atik (42)
    • Fanmi (21)
    • Lavi (22)
    • Siperasyon Pèsonèl (11)
  • Jeneral (42)
  • Sante (29)
    • Edikasyon (22)
  • Teknoloji (5)

Dènye Tweet nou yo

Back to Top

  • Akèy
  • Kiyès Nou Ye
  • Atik
  • Kontak
© SIKOLOJI AN KREYOL 2025
ht Haitian Creole
en Englishfr Frenchht Haitian Creolees Spanish