KOUT JE SOU KRIZ IDANTITE GRANMOUN
Kisa kriz idantite kay granmoun nan ye?
Tèm kriz idantite se sikològsosyal Erik Erickson (1972) ki defini li konsa : « se enkapasite yon moun genyen pou li gen pwòp idantite pa li ». Erik Erickson divize kriz idantite a an 8 stad, ki se fason kriz sila ka devlope nan vi moun. Men nou pap site tout stad yo. Si pi souvan chèchè yo plis pale de kriz adolesans, men kriz idantite a pa Sèlman fikse sou peryòd vi adolesans lan.
li ka parèt nan nenpòt laj ak nan nenpòt sikonstans nan diferan moman nan vi yon moun, nan yon kontèks sosyal, fisik ou sichik ki boulvèse vi moun sa a.
Twa chèchè nou pral site la yo pran tan yo pou yo etidye fenomèn sa ak bay esplikasyon pa yo sou koze sila ki se kriz nan konstriksyon ak nan evolisyonl nan vi moun. Pou Sikològ Jean Piajet ak Wallon Denis, pou gen kriz, li pa oblije pase kite yon stad nan devlopman la vi yon moun pou l ale nan yon lòt stad, kriz lan se yon senp etikèt ide ak règ sosyete yo mete pou pale sou konpòtman ak atitid yon moun ka gen yon lé li trouve nan yon sityasyon konplike ou byen li trouve nan yon moman difisil nan vi li. Moman sa ka se yon chanjman de yon sityasyon ak yon lòt ou byen se yon evolisyon nan vi moun sila. Pou Freud ki se yon sikanalist, kriz la se yon bagay enpòtan pou pase nan yon stad ak ale nan yon lòt stad ; li konsidere moman kriz la menm jan ak yon konplèks (image ,oedipe). Pou li,depi gen devlopman ap gen kriz.
Sa ki kriz idantite kay granmoun
Gerard Arthaud ki se yon sikoterapet (1978), defini kriz idantite granmoun kòm yon santiman enkyetid ki parèt kote moun nan te panse li te gentan realize tout bagay nan vi l, bagay kiparèt tankou ki etranje, ki vin anmède sa moun nan te jwenn kòm savwa nan sosye a, pòt ki vin louvri sou chimen nan vi moun nan, ke moun nan pat ko menm gade. Li se yon envitasyon kote granmoun lan ap pran konsyans de tèt li, li reviv yon vi diferan, se pi plis kon senp moman nan vil.bagay sa reprezante mouvman menm vi a nan nou. Erik Fromm (1976) ki se yon sikanalist di : « la vie entière de l’individu, n’est rien d’autre que le processus de donner naissance à soi-même (sa kap pase anndan chak moun pa lòt bagay ke yon chimen pou refè tèt ou ou menm) ».
Filosòf Eric Deschavannes ak Pierre Tavaillot di gen 2 bagay ki domine panse granmoun yo parapò ak tan. Eric Deschavannes ki se yon optimis « li pale de disparisyon laj » pou li, li ta dwe natirèl pou tout moun santi yo alèz nan laj yo epi yo ta dwe viv laj yo san lapèrèz, ni estrès. Pierre-Henri Tavaillot ki se yon pesimis, li pale de : « goumen laj ak laj » kote granmoun nan vin nan konfli ak pwòp tèt li nan eseye analize tèt li lèl te jenn ak laj li rive nan granmoun. Lide sa yo dwe fè nou pran konsyans ki enpòtans kriz laj granmoun yo ap travèse nan lavi an epi ak kijan granmoun yo santi yo. Pou de filosòf sa yo se ide matirite a kap domine moun sa yo, menn si souvan nou pa rive konprann sa. Matirite a pa vle di moun nan fin realize tout bagay nan lavi l ; li se yon chimen ki pa bout ; ou konn kote w’ koumanse, men ou pap ka janm ka jwenn bout li.
Soufrans sichik ak eksklizyon ekonomik konn lakoz kriz nan lavi granmoun
Kriz idantite nan vi granmoun nan parèt tankou yon « sans santrien » espresyon ke Erik Deschavannes itillize. Se paske granmoun nan fè sakrifis pou l’ rete konsantre sou wòl pwofesyonèl li yo ak wòl fanmil yo. Men, gen sitiyasyon ki konn sòti kote granmoun yo ak sosyete an konn pa satisfè de yo nan wòl sa nou sot site la ke yo ta sipoze jwe. Sosyete a fè nou konnen depi ou rive nan laj granmoun ou se yon moun ki epanouyi. Laj granmoun nan fèmen kategori sa nan yon prizon ki tankou yon anpèchman sosyal. Pafwa, kontrent sa yo konn mete granmoun yo nan dout sou kapasite yo, ki vin fè lavi moun sa yo konn pa klè. Si yo ta vinn santi yo pa bay yo valè nan sosyete a, tankou lè yo jwenn yo nan sitiyasyon sa yo : lamizè, chomaj, grangou revokasyon nan travay, elatriye, sa konn fè yo vin deprime, dekouraje e menm eseye touye tèt yo, sa ki pi rèd lan, genyen ki konn rive nan pwen final sila. Si yo pa ka mache ankò , pèdi memwa,yo pa gen zanmi ,yo santi yo pa ka kenbe kò yo ni nan ka maladi ou pa, pran plezi yo, relasyon amourez kip a stab , anbisyon ki paka reyalize tankou pou gen kay pa yo, sa ka plonje yo nan yon kriz ki mete an kesyon pwòp tèt yo ak laj yo genyen an.
Nan sitiyasyon konplike sa yo, laj granmoun nan pa disparèt, men yo gen difikilte pou yo asepte ke yo granmoun. Yo vinn santi sentom sa yo: angwaz, boulvèsman nan fason li konpòte li, yo konn pèdi libète ak kapasite pou yo aji, santiman yo konn refoule, yo konn menm rive mete tèt yo an kesyon nan jan yo wè tèt yo ak jan yo santi yo ap viv.
Kategori moun sa yo aji tou depan de imaj anviwonman an voye ba yo a; fason li wè tèt li a fèt tikal pati kal. Pou granmoun yo santi yo granmoun, sa vle di pou yo santi yo satisfè de tèt yo ak laj yo, pou yo santi yo rive nan matirite grandèt yo, yo bezwen atansyon lòt moun ak konfyans lòt moun. Lè yo pèdi avantaj sosyal sa yo, sa vle di lè yo santi moun pa ba yo menm enpòtans sa yo ankò, yo komanse santi yo ekskli ;moun nan antouraj yo ka wè sa tou, paske sitiyasyon sa bag 2 reaksyon, youn se kontrè lòt la : swa moun ki konsène an fèmen sou li menm, swa li vin agresif, li vyolan ak tout moun, menm moun ki pwòch li ap viktim de konpòtman sa yo.
Pou mete fen nap fè konsta de pansè sa yo: Eric Deschavanne ak Pierre-Henri Tavaillot kise 2 anseyan chèchè nan inevèsite Paris IV Sorbonne wè sosyete modèn yo ap viv yon chanjman ki gwo anpil nan popilasyon yo. Yo montreyon moun te ka viv 43 lane an Frans nan zòn 1900 yo, li pase a 79 nan lane 2000 yo, chanjman nan popilasyon sa eksplike kòman gen yon pi gran konsiderasyon ak atansyon ki bay ak granmoun yo. Granmoun yo plis viv laj yo ak fyète ; sa vin ogmante plis nan lavi yo tou. Anplis,lontan, anfans se te tichanm vi a ,vieyès se te tichanm lanmò an. nan mitan de laj sa yo nou te jwenn jenn granmoum ki se te eksistans otantik lavi a. Modèl sa pase, li pa la ankò. Jounen jodi an, vyeyès pa yon laj otantik. li se yon laj ki fé pè, yon laj panik pou moun kap viv li an. Paske nan sosyete modèn yo, granmoun yo plis jije nan sa yo fè pou laj yo, nan fason yo jwe wòl granmoun yo,nan travay yo oubyen nan fanmi yo. Si nou tap eseye bay yon chimen, yon lide pi kritik sou fason pou konprann kategori sosyal sa, fòk nou ta repanse kriz idantite granmoun nan poul vini jan l’ ta dwe ye a.
Nou pa dwe wè li ni tankou yo laj matirite akonpli, ni tankou yon laj kote pou moun nan ak sosyete a, ap fè yon evalyasyon kritik sou sa moun nan fè nan vi li ; etap granmoun nan dwe yon moman kote moun nan pran konsyans de chimen li rete devan li pou akonpli sa li pat ko fin akompli.
Kidonk, laj granmoun nan dwe konsidere tankou yon moman « d’individuation », ki vle di yon moman pou li make prezans li nan fanmi li, nan travay li oubyen nan sosyete li ye an, swa pou yon lòt fwa ankò, ou byen pou yon premye fwa. Fason sa ap pèmèt sosyete yo ak anviwonman granmoun yo valorize kategori sosyal sa jis kaske li sispann egziste soutè a. Epi tou, sa ap fè granmoun yo toujou santi yo prezan ak itil nan relasyon sosyal yo genyen.
Bibliogafi
ARTAUD, Gérard(1979),La crise de l’identité de l’adulte , les éditions du CIM de l’université d’Ottawa.
DABROWSKY S, Karl (1972),La croissance mentale par la désintégration positive ,Québec ; les éditions st –Yves Inc.
WALLON Denis et DE WILDE Michelle (1988),votre enfant de 0 â 6 ans , édition universitaire France Amérique.
DESCHAVANNES Erik et TAVOILLOT Pierre-Henri(2007), Philosophie des âges de la vie, PARIS éditions GRASSET.
DE PERETTI, André (1974), Pensée de Carl Roger, Toulouse ; Privat.
ERICKSON, Erik(1972) , Adolescence et crise ,la quête de l’identité ,Paris :Flammarion
FROMM, Eric(1956) Société aliéné et société saine, Paris, Le courrier du livre.
LAPASSADE, Georges (1963), l’entrée dans la vie, Paris ; éditions de minuit.
LEFEBRE –PINARD Monique(1980) Existe –il des changements cognitives chez l’adulte ?revue université du Québec a àMontréal. Département de psychologie ; Société Québécoise de recherche en psychologie. Congres : Trois rivières.
MASLOW Abraham (1972), vers une psychologie de l’être, Paris, Fayard.
Atik:Tamara Pierre, Sikològ e etidyan mastè 1 sikoloji sosyal nan fakilte Etnoloji.

Atik:Tamara Pierre, Sikològ e etidyan mastè 1 sikoloji sosyal nan fakilte Etnoloji.
Facebook Comments