BIYOLOJIK OUBYEN SENBOLIK,SANTE AK MALADI RETE AVAN TOU DE FENOMÈN SOSYAL.
Sante ak maladi se de konsèp ki varye selon plizyè faktè,prensipalman,faktè kiltirèl la se youn nan faktè ki fè plis enpak nan lavi moun paske dimansyon kiltirèl la rantre tout kote epi li nan tout domèn.Nan sosyete nou an,nou toujou tande y’ap di : sante se zàm,kilti se richès paske sante se youn nan zouti ki pèmèt yon moun fè kilti li sonnen byen fò nan zòrèy lòt moun.
Nan lane 1946,òganisasyon mondyal sante(OMS) fè konnen ke sante se bonjan ekilib nan lavi fisik,mantal epi sosyal tout moun k’ap viv,kidonk li pa chita senpman nan absans maladi oubyen enfimite,li gen plizyè dimansyon .Toujou sou menm liy lan,nan lane 2000 OMS vini ak program « sante pou tout moun ,paske chak grenn moun k’ap viv gen dwa pou yo gen sante san prejije sosyal,politik,ekonomik oubyen rasyal.Jodya,anpil enstans mete yo dakò ak lide ke kondisyon sante yo lye ak fason moun ap viv,sitou nan fonksyònman yon moun anndan yon sosyete.
Nan kòmansman XIXe syèk,gen plizyè medsen ki t arive wè ke maladi a limenm ,li varye selon profesyon, kondisyon sosyal,fason yon moun ap viv,espas kote li rete,elatriye. Angro,profesyònèl yo pat sèlman konsidere maladi ak sante nan aspè biyolojik la,men yo t vize tout aspè sosyal la nan lide pou yo t satisfè dwa chak grenn moun genyen pou yo gen yon eta sante ki nòmal.
Kijan nou ka defini sante ak maladi ?
Gen anpil sous ki fè kwè ke li pi fasil pou defini maladi ke sante, paske daprè yo sante se yon antite ki abstrè,se yon demand ki enfini nan yon sistèm byen fini.
Ph.Mitrani,yon etnològ,fè konnen ke sens konsèp la varye nan chak komtèks sosyokiltirèl.Depi nan kòmansman limanite,rive sou Grèk yo,arab yo elatriye,lamedsin t toujou ap eseye pote definisyon sou konsèp sante a,epi definisyon yo toujou evolye an fonksyon de epòk epi pwogrè ke lasyans fè.Ciceron , yon ansyen Women defini sante tankou yon eta kote yon moun ap viv san doulè avèk tout posiblite pou li akonpli tout fonksyon kò li mande.
Claude Bernard ki se yon pyonye nan zafè lamesin ,nan konmansman xxe syèk la t fè konnen ke sante se manifestasyon eleman òganik yo nòmalman nan lavi nou.Toujou nan menm lide pou pote definisyon pou mo sante a,en 1936,Leriche vini ak lide ke lasante se lavi ki gen nan kò nou,menm lè ògàn nou yo pou tèt pa yo paka pale. Dinamis ki genyen nan zafè sante a fè J. Mounnier defini li konsa :Sante se ekilib ak amoni ki genyen nan lavi moun sou plan biyolojik,sikolojijkepi sosyal ;Se sa ki fè dwa pou moun viv an sante se yon nesesite,yon bezwen ki plase nan premye ran.
Abraham maslow,sikològ Ameriken ki t elabore teyori bezwen yo te rive demontre ke sante se yon bezwen, lè li t defini moun tankou yon ansanb ki genyen ladan li yon pakèt aspè tankou :fisyolojik(fason kò a òganinize sou plan fizyolojik epi biyolojik),sikolojik ak sosyolojik( sekirite,rekonesans,ak group sosyal moun nan) epi espirityèl(depasman ke moun nan gen poul fè nan lavi li.).Maslow t eseye klase bezwen yo tankou yon echèl kote bezwen fizyolojik yo dwe kontitye baz tout lòt bezwen yo,paske se yo menm ki fè moun nan ap viv epi epi reyalize sa lòt bagay ki nesesè yo tankou :sekirite,apatenans,rekonesans ,depasman. Maladi
Yo pale de maladi lè eta sante yon moun ap degrade avèk yon pakèt siy oubyen sentòm ke lòt moun ka wè oubyen lokalize dirèkteman. Li enpòtan pou nou pa konfonn maladi avèk andikap ,sendròm oubyen blese.M.Jenicek avèk R.Cléroux defini maladi tankou defayans ki genyen nan mekanis adaptasyon ògàn yo kifè kò a paka reponn kòrekteman stimilis yo.Nikolaeva wè maladi tankou evènman ki pi frekan epi ki dramatize lavi moun.
Boutofen,si ta gen pou nou retrase listwa limanite ,nou t’ap rive wè gen gro konba ki t fèt kont maladi nan sousi pou t ka gen amelyorasyon nan lavi moun.Maladi fè parèt enpòtans sante nan lavi moun nan sosyete kote moun nan ap evolye sitou.Daprè atik 25 deklarasyon inivèsèl dwa moun ki t soti nan lane 1948,maladi se yon endikatè nan respè dwa moun,Tout moun gen dwa pou yo gen sekirite lè yo malad oubyen envalid.
Reprezantasyon sosyal sante ak maladi an Ayiti
Moscovici se premye moun ki fòmile teyori reprezantasyon sosyal la nan lane 1961,apresa teyori ya te vale teren ,li vin menm inivèsèl.Nou jije li nenesè pou nou itilize teyori sa travay nou an pandan nap fè pase reyalite pa nou.Nap fè remake ke nou pa premye moun ki pral itilize teyori sa,li itilize pou reprezante plizyè lòt espas sosyal deja … Nou ka defini reprezantasyon sosyal yo tankou kròyans,konesans avèk opinyon ki pwòp a yon yon pèp,yon kilti,yon group sosya,l elatriye.Avèk definisyon sa ,nou pral eseye reprezante sante ak maladi nan sosyete Ayisyèn nan.Byen avan nou rive pi lwen ,nap fè kònen ke sante ak maladi se de fenomèn ki alafwa sosyal epi kiltirèl epi ki koresponn a reyalite sosyal lavi yon moun.Nou ka atribye sante a moun nan dirèkteman tandiske maladi a li menm li plis gen yon karaktè sosyal,kidonk faktè ki provokel yo lye avèk sosyete a.
Daprè Herzlich,kritè pou yon moun pale de sante ak maladi pa reprezante sou modèl anatomik oubyen fizyolojik.Nan domèn sante,yo reprezante kritè yo an fonksyon de aktivite moun nan ak fason li angajel nan lavi sosyal li ;maladi a limenm yo reprezantel tankou mankman ki gen nan aktivite moun nan avèk separasyon ki genyen nan lavi sosyal li. Abric fè konnen ke reprezantasyon sosyal la gen de sistèm ladan l’,yon sistèm santral ak yon sistèm periferik.Sitèm santral la limenm li lye avèk kondisyon istorik,sosyolojik,ideyolojik,valè epi nòm sosyal yo.Li se fonksyon objè a,fòm relasyon ke group la genyen ak objè a ,valè ak nòm ki fòme anvirònman ideyolik group la ki detèmine l’.Sistèm santral la reziste a tout chanjman ,li pa chanje ;sistèm periferik lan limenm li fasil pou l’chanje ,li pi viv,li gen twa fonksyon :li la poul konkretize,adapte epi defann sistèm santral la.
Nou ka reprezante sante ak maladi lakay nou selon opozisyon sa yo :moun /sosyete,natirèl /sinatirèl. Natirèl oubyen sinatirèl ,sa ki trè kouran nan sosyete a reprezante konsa :maladi natirèl yo se sa ki nesesite yon entèvansyon medikal,yo klase l biyolojik (fizyolojik , sikolojik).Sa ki sinatirèl yo se sa ki plis chita sou senbolis yo,maladi lwa yo bay,malaldi santan,espedisyon,maladi ki pa pou doktè elatriye, selon diskou kouran an. Nan ka maladi sinatirèl yo se yon bokò oubyen yon manbo ki pou trete malad la.Varyasyon sa yo kiltirèl, yo tabli nan tout sosyete a, ,men li fè enpak plis sou yon klas sosyal ke sou yon lòt.Nan tantativ ki fèt pou yo relye maladi biyolojik ak kiltirèl,Daniel E.Moerman,nan yon etid (Anthropology of symbolic Healing) t pale de « effet placebo »,daprè otè a,li karakterize pa yon ansanb fenomèn ki soti nan pwen pèsonèl gerisè a pou rive nan rit ak remèd ke li etidye yo.Menm jan tankou trètman aktif yo, ‘’effet placebo’’montre li efikas nan 60% ka,se sa ki fè pou Moerman kiltirèl la pa regroupe sèlman ajan patojèn yo men li atribye a biyolojik la tou.Boutofen,si sante ak maladi rete avan tou de fenomèn sosyal,nou rete kwè nenpòt kritè yo pran , sa ki dwe pi enpòtan se solisyon imedya pou malad yo.
Remak
Sante ak maladi se de konsèp ki laj anpil epi ki abòde sou plizyè apròch ,nou menm nou touche apròch kiltirèl la.Nou t fè efò pou nou swiv yon demach syantifik se sa ki fè nap di ke travay nou an pa pafè,men nou t eseye touche kan menm pwen ki pi enpòtan yo. Pale de sante ak maladi sou yon dimansyon kiltirèl pa te twò fasil ,paske jan nou t di li depi nan komansman kilti a antre nan sosyal la,kidonk abòde yon fenomèn sosyal mande anpil pridans,pridans nan jijman pèsonèl yo sitou ki ka blese moun epi fè travay la vin trò sibjektif.Nou ka remake nan tout travay la nou pat pran pozisyon pou nou di nan zafè sante ak maladi,kiyès nan aspè yo ki dwe pase an premye ant biyolojik la ou byen kiltirèl,nou rete kwè sa ka youn nan limit travay la tou,sitou si gen moun ki tap chèche yon repons konsa .
Pou nou fini nap di ke pat gen okenn egzijans akademik ki t pouse nou trete sijè sa,nou travay sou li nan lide pou nou elaji konesans pèsonèl nou ,epitou se paske fé sosyal yo konsène nou tou.Sitou,nou pap bliye salye travay Gabriel DITHON an (‘’ Santé et maladie en Haiti, un aperçu socio anthropologique’’ ) ki t pote limyè sou nou sou kèk pwen nan travay sa.
Referans
1.Déclaration universelle des droits de l’homme (http ://www.unesco.org/general/free/legal/droits/hommes.shtml).21 aout 2017
2. Inna B.BOVINA, « Représentations sociales de la santé et de la maladie chez les jeunes Suisses :force versus faiblesse »(http :www.Br.jku.at).22 aout 2017
3. Gabriel DITHON(2016), « Santé et maladie en Haiti, un aperçu socio anthropologique », (www.les cacosnoirs.com),22 aout 2017
4. Patrick R et Grégory M, « La théorie des représentations sociales : orientations conceptuelles, Champs d’application et méthode », REVISTA CES PSICOLOGIA, 2013, vol.6, num.1, pp.1-21
5.Reveyrand O(1983), « Etiologie et perception de la maladie dans les sociétés modernes » (www.politique africaine.com).21 aout 2017
6. JAKOB Pierre, Freud et la psychanalyse, Coll. «Les intégrales de philo », édition Nathan, Paris 1987, p.127
7. WOOD E. Samuel et Al. (2009), L’univers de la psychologie, éditions du Renouveau pédagogique, Canada, p.445


Facebook Comments