Categories: FanmiLaviSante

MOUN OU RENMEN AN SOUFRI DEPRESYON?

Relasyon kote gen yon moun deprime yo nèf fwa plis gen chans pou fini nan divòs. Men se pa toujou yon mari oubyen madanm ki deprime; Pafwa li se yon timoun oswa yon lòt manm nan fanmi an. Nan atik sa , sepandan, nou pral konsantre sou yon patnè ki deprime. Pifò moun dakò ke relasyon an ta dwe 50/50. Nou tout konnen ke sa a se yon ideyal.

Malerezman, sa se pa le ka lè depresyon kwonik enkòpore nan relasyon yon moun. Ann sipoze mari a gen depresyon kwonik. Madanm nan ka fè anpil nan travay ke mari a konn fè. Tou depan de konbyen tan sa a dire, yon lavalas emosyon negatif ka kòmanse parèt nan relasyon moun sa yo.

Pi plis nan pwosesis sa dire, se pi plis madanm lan ap kòmanse santil fèb, se konsa ke li kòmanse santi mwens konpasyon pou moun ki gen difikilte ak depresyon. Pou madanm lan, li tankou yon sèl manman pandan li marye. Anpil moun konsidere ke li pi fasil gen yon fanmi ak yon sèl paran ke pase vi yo ap viv ak yon mari ki ap batay kont depresyon, paske li vin tankou gen yon timoun ki gen bezwen espesyal, epi adisyon a lòt responsablite ke moun sa genyen.

Tout bagay sa pa vle di ke nou ta dwe blame moun ki deprime oswa wè tèt nou kòm viktim yo. Li enpòtan anpil pou w konprann ke tout moun ap soufri lè depresyon atake yon moun yo renmen. Patnè ak yon moun ki deprime pafwa konn fè lòt moun lan deprime tou. Yo di ke depresyon kontajye epi li ka vin yon lonbraj sou yon koup oswa tout yon fanmi . Li enpòtan tou pou konsidere ke depresyon pa kapab sèlman jenetik, men tou li kapab vin aprann. Timoun yo ka vin deprime jis paske yo wè se konsa paran yo ye.

Depresyon ap fè wout li nan imè, atitid, konpòtman, ton vwa, prestans, pespektiv sou lavi, ijyèn pèsonèl, etik travay, kwayans espirityèl, elatriye..

Ki sa ou ka fè si patnè ou deprime?

Premyèman, reyalize ke lènmi an se depresyon an, pa patnè ou. Li enpòtan pou devlope yon apwòch de depresyon ki baze sou “nou” kite “mwen” an akote. Yon deviz ki bon pou rekiperasyon an ka rezime tankou: “Èske nou ka fè li? Wi, nou ka fèl”.

Fè tout sa ou kapab pou w aprann sou depresyon. Chèche konsèy pwofesyonèl. Si depresyon an la lontan, relasyon an tankou depresyon an pral mande anpil atansyon.

Kreye yon plan rekiperasyon endividyèl epi youn pou koup la. Se fason ki pi bon pou bay depresyon souflèt pou l soti nan lavi moun sa. Ekri plan rekiperasyon an epi pase tan revize, modifye, obsève pwogrè ki fèt.

Yon fwa depresyon an estab kreye yon lis “drapo wouj” sentòm yo. Sa ka sèvi kòm yon rezo sekirite. Si sentòm sa yo repete, sa ta endike ke ou dwe atantif. Lè sa a, ekri yon lis solisyon ke tout moun( ou menm ak patnè ou) ta fè si nou remake ke sentòm yo parèt ankò. Komèt nou pa ekri pou fè sa epi siyen ke nou dakò sou pwen yo.

Kreye yon sistèm èd ki soti deyò. Remake ke nou pa pale koze pote plent bay yon moun deyò relasyon an. Gen yon diferans enpòtan ant plenyen ak eksprime nou. Plent sèlman bay gaz a resantiman epi agrave pwoblèm nan, pandan ke lè w ap eksprime w sa ede nan pwosesis gerizon an.

Rezo sipò ou ka gen ladan zanmi, kòlèg, legliz, gwoup sipò ak nenpòt ki kote ou panse ki an sekirite pou nou di sa k ap pase nan lavi nou. Pa kache rad sal ou nan klozèt ou. Depresyon renmen izole moun, kraze maryaj epi relasyon ak tout fanmi ou. Li se youn nan pwen fò li.

Fè aktivite rekiperasyon ansanm. Ale nan sesyon terapi yo ansanm. Patisipe nan konsèy ekstèn ansanm. Li liv pou simonte depresyon ansanm. Fe espò ansanm, oswa pran yon dosye sou imè ansanm. Si ou gen timoun nan yon laj ki apwopriye, edike yo sou depresyon kwonik. Sak pi enpòtan: devlope “nou ” an. Paske se ou menm ak patnè ou kont lènmi sa ki se depresyon. Ansanm nou ka fè sa!

Sous: Cepvi

Sikoloji an kreyòl

Rhode Bermine Banatte

Share
Published by
Rhode Bermine Banatte

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

7 years ago