Categories: AtikJeneral

YON LANE TOUNEF, NOUVO OPOTINITE

Pou anpil moun, yon lane ki chanje pa vle di anyen, se pa yon sipriz. Se tankou yo te sòti nan mwa mas ale nan avril. Nou menm nan SAK (SikolojiAnKreyòl) nou pa panse konsa paske yon lane ki fenk tanmen pote yon pakèt bagay tankou nouvo opòtinite, lòt enèji, e tout moun ka pwofite nan moman Sila a pou mete sou pye nouvo objektif epi kontinye travay sou sa yo tabli deja.

Kòmanse yon ane se tankou lè w’ap mezire soulye. Se apresye lavi avèk lòt elan malgre se toujou menm vi a ki toujou la. Se konprann sa Ki pase, se tankou listwa, yo la pou sèvi nou referans. Viv kouwè demen pa te egziste menm si nou gen yon kote nou ta renmen rive e tout sa nou posede se sa nou ka fè kounye a. Ane ki rantre a la pou fè nou sonje, nou gen anpil bagay ki merite pou nou pase men nan yo, tankou yon karaktè ki pa fè moun ki bò kote nou byen, menm si nou ka gen dout Sou kòman nou pral jere sa. Yon ane ki fenk parèt pote lòt okazyon ki ap ede nou grandi tou. Kwè ou gen fòs ak kapasite ou ka chanje sitiyasyon ou an, si ou vle ou ka gen yon lòt kalite sosyete epi ou ka vini yon limyè ki klere chimen lòt ki san direksyon. Grandi paske tout sa ki pa vanse pi douvan se bak li fè, epi grandi paske ou nan konpetisyon ak yon moun ki merite pou ou depase li chak jou nan sa l ap fè e sa li kwè, Moun sa a se ou menm menm.

Li t ap nan avantaj ou si ou ta pwofite kòmansman ane sila a, se pa paske ou pa ka chwazi nenpòt moman nan ane a pou fè sa, men se paske jefò ou ap gen pou ou fè yo se tankou yon semans ou ap mete nan latè, toutotan ou simen li pi bonè e awoze li, netwayel pou vye zèb pa toufe l, ou rekòlte pi bonè. E sa ap ede ou rete makònen ak angajman ou fè pou ou nouri rèv ou yo epi tou evite poze zak k ap gen pou detwi rèv sa yo tankou pwokrastinasyon,Ki se tandans kite tout bagay pou demen an. Lòt avantaj kòmansman ane a bay, ou fenk sot pran ti vakans ak fanmi ou Ak zanmi ou yo, sa yo renouvle fòs ou ak enèji ou, ebyen pouki ou pa pwofite opòtinte sa a ?

Pa neglije ekri sa ou vle reyalize yo, mete sou papye tout sa ou dwe fè pou rèv ou yo konkretize epi divize yo an aksyon ki pi piti pou ede ou pi byen nan travay ou an, epi pa bliye kalkile pandan konbyen tan ou ap gen pou fè chak aksyon sa yo. Gen yon otè ki di viv chak jou tankou se dènye jou a paske sa ap motive ou pou ou panse Ak tout sa ki byen ou dwe fè anvan k ap ede ou konstwi moso pa moso moun ou vle ye a
Pase Yon bon lane ak SAK! Aplike sa ou gen pou ou aprann pandan ane avèk SAK, se youn nan opòtine ane sa ofri ou pou ou ale pi lwen.

Atik:Fred Saint Juste
Se Zen Trading Magazine ki enspire otè a ekri ti atik sa a.

Rhode Bermine Banatte

Share
Published by
Rhode Bermine Banatte

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

7 years ago