Categories: AtikEdikasyonSante

ESTRÈS SOU TOUT FÒM LI

Sòti sou moun ki pi vanyan pou rive sou sa ki li fèb la soufri sa yo rele « estrès » lan yon moman nan vi yo. Sitiyasyon sa a ka afekte tout moun.

Daprè Hans Selye, medsen otrichyen/kanadyen , “estrès ” se tout repons ki pa dirèk nan òganis lan, tout evènman reyèl oswa imajinè ki bay òganis lan pwoblèm.

Se  yon sitiyasyon kote yon moun pèdi ekilib fizik ak ekilib mantal li.

Estrès la vini ak yon eleman ki rele “ajan estresan”.  Ajan estresan sa atake fizik, mantal, sosyal oubyen emosyonèl yon moun.

Lè ou pral fè yon egzamen, premye eksperyans travay, katastwòf natirèl (siklòn goudougou), premye relasyon seksyèl, maryaj, divòs, operasyon, lanmò yon pwòch avèk anpil lòt sitiyasyon konsa ka fè yon moun estrese.

Kalte estrès

  • Estrès pozitif/ bon estrès: li tankou yon sous motivasyon. Li makonnen avèk emosyon pozitif tankou “bonè”.
  • Estrès negatif/detrès : li aji tankou yon pwoblèm ki paralize moun lan nèt, ki fini ak tout resous moun lan ta gen disponib nan sitiyasyon nòmal li epi li vin fè li tris, li vin fè li an kòlè.
  • Estrès pòs twomatik: Se kote yon moun twouble aprè yon evènman oswa yon eksperyans, li kapab yon temwen tou tankou: yon vyòl, aksidan, agresyon fizik, seksyèl ouswa sikolojik… Aprè eksperyans twomatik sa viktim lan vin nan yon eta chòk ak sentom sa yo:

– Tandans reviv eksperyans lan nan pansel,nan rèv

-Evite tout sa ki ka repwodui chòk sa oubyen panse ak evènman

-Pa santi li kwè nan tèt li ankò

-Agresivite

Hans Selye te pibliye nan lane 1956, “Estrès lavi a “The stress of life”, epi li  dekri mekanis yo nan “sendwòm lan adaptasyon”.

Li  gen ladanl  twa (3) faz:

  1. Faz alam: menm kote moun lan kòmanse fè fas ak sitiyasyon an, kè a bat pi fò epi tansyon chè li monte.
  2. Faz  rezistans:Aprè kèk minit andomòfin, dopamin serotonin ak kotizòl lan, òmon sa yo bay sèvo a ase enèji pou li reziste nan moman an. Faz sa pèmèt li aji nan fason ki pi apwopriye pou konbat estrès lan.
  3. Faz fatig: aprè kò a fin bay tout enèji li; li vin febli. Men sa ki vin parèt :
  • Sentom mantal emosyonèl: enkyetid, depresyon.
  • Sentom fizik : tèt fè mal, fatig, gonfleman ( move dijesyon), pa ka dòmi.
  • Sentom konpòtmantal: mete kò w apa, fimen, bwè..

Estrès lan aji plizyè fason kay yon moun. Li ka:

  • Pi fò:  Se estrès sa a anpil moun viv; li parèt nan evènman ki fèk pase oubyen ki pral rive. Si li yon ti dòz, li ka pozitif, men nan yon dòz ki pi wo , li gen gwo konsekans sou sante mantal ak fizik. Estrès sa a pa dire lontan epi li fasil pou li trete.
  • (Egi) repete : Estrès sa a lakòz maladi sikolojik (anksyete, depresyon …) epi li ka chanje fason moun nan wè tèt li oubyen  monn  lan ( pèdi konfyans nan tèt ou, mal alèz, rete apa, paranoya…
  • Kwonik : Estrès kwonik lan danjere pou sante paske li ka bay pwoblèm nan devlope kèk patoloji tankou maladi kadyovaskilè (tansyon wo, ipèkolestewolemi, ak maladi respiratwa (opresyon), dyabèt tip 2, maladi anksyete, depresyon …

N.B: Estrès kwonik ki dire plizyè mwa oswa ane ka mennen swisid.

Estrès gen gwo konsekans sou sante yon moun si li pa konbat li. Pou rezon sa, li enpòtan pou konsilte yon pwofesyonèl nan sante mantal (sikològ, sikoterapet, sikyat) pou li pa twò ta

 

Referans: “Psicología para todos”, “Psicología y mente”

  • Otè

    Minouche Damis, Lisansye Sikoloji jeneral

  • Editè

    Roselande Jeanty, etidyan lengistik

sikoloji

Share
Published by
sikoloji

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

6 years ago