NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE?
Chak ane pifò moun fè yon pil rezolisyon avèk lis sa yo ta renmen akonpli pou nouvo ane a, an general nou panse ke yon ane ki ap komanse se yon bèl opòtinite pou kreye nouvo rezolisyon oubyen akonpli nouvo bagay nan lavi nou, sa ke anpil moun wè ki ta yon bon ide, konsa tou gen panse kontrè a sa.
Gen moun ki di ke fè yon lis pou yon nouvo ane kote ou etale tout sa w ta anvi yo, fè ke yo gen chans pou yo akonpli, konsa tou nou ka wè anpil moun bliye lis sa sou 2 semèn. Kisa ki ka fèt nan ka yon moun ke chak ane ki paka akonpli menm youn nan tout rezolisyon li te fè yo?
Sispann fè rezolisyon te ka solisyon an, pa vre ? Nou do di men poukisa yon moun ta sipoze sispann fè rezolisyon si se yon sòt de motivasyon li ye. Ann wè avè m yon lis m fè, ki montre ou pa oblije nan fè rezolisyon chak ane, paske yon rezolisyon ka pote kèk move enèji nan lavi ou, sitou si lè ou fè l li pa mache pou ou.
Antre yon ane san rezolisyon ka evite anpil konpòtman tankou:
Fristrasyon: Depi ou te fè yon lis epi lè ane a preske fini ou sonje ou pako akonpli swè sa s aka pèmèt moun sa fristre, fristasyon ki ka fè ou pase anpil move jou nan ane sa, petèt siw pat fè lis sa ou ta evite fristrasyon sa.
Dekourajman : Lè ou wè swè nan lis ou yo paka akonpli ou ka dekouraje, pa sèlman pou yon jou men pou rès lavi ou, kote sa w te anvi akonpli a ou bal vag nèt. Pa egzanp li te ka yon biznis oubyen ale nan inivèsite, kòm ou wè li paka fèt nan ane sa, dekourajman tèlman pran w ou di ou pap janm fèl ankò.
Pa gen konfyans nan tèt ou : Ou ka wè w antan ke yon moun ki la pou echwe, yon moun ki paka akonpli yon senp rezolisyon epoutan se ka se moman w ki pako rive, sa ki vin mennen w a pèdi konfyans, e lè w pedi konfyans nan tèt ou, ou pati pou yon move chimen, ki ka pa gen sòti pou ou.
Limit nan kèk aktivite : Anpil moun konn chaje ak rezolisyon kote menm si yo ta anvi fè yon aktivite anplis yo paka oze ajoutel nan lis la paske yo deja chaje, epi yo pè pou yo pata akonpli l oubyen echwe ak lòt yo, si sa ta rive ou ta prefere pa antreprann anyen ankò, epi kite anpil chans pase devan w, petèt pou menm sa ou tap rejte opòtinite a, li ka pa rive akonpli pou ane a.
Estrès : Nan rezon pou akonpli tout sa ou pwopoze w pou ane a ou vin estrese, e sa ka dekontwole anpil tren aktivite ou te mete pou w akonpli, paske nou konnen kisa estrès ka fè nan lavi yon moun.
Boutofen yon nouvo ane ou pa, ou ka akonpli nenpòt saw vle nan moman ke w ta prè epi deside a, li pa oblije nan yon nouvo ane, kote ou lage yon lis pwa lou ki akonpaye ak estrès, presyon kote wap wè tan kout, epi w pa gentan regle anyen.
Se pou tèt sa m envite nou fran ak tèt nou,kote chak ane nou pa sipoze ap swiv lòt moun, oubyen fè sa tounen yon rityèl kote pou w ap kreye yon lis rezolisyon ke w konnen ou pap akonpli, men toujou gen nan tèt ou ke wap aji pou w ka fyè lè ane sa fini.
Antre san rezolisyon epi pwofite de tout opòtinite ou te ka rale sou tèt ou, anpil enèji pozitif melanje ak sipriz kote lè yo pase w sansayon satisfaksyon an ka pi gran ke si w te planifyel.

Facebook Comments