SIKOLOJI AN KREYOL
Sante Mantal Mwen Avan Tout Bagay
  • Akèy
  • Atik
    • Siperasyon Pèsonèl
    • Fanmi
    • Lavi
    • Edikasyon
    • Sante
  • Kiyès Nou Ye
    • Kiyès Nou Ye
    • Ekri avèk SAK
    • Sipòte nou
  • Dokiman
    • kreyòl
    • Español
    • Français
    • English
  • Sèvis
    • Aplike Tès Sikolojik
    • Konsiltasyon sikolojik Covid-19
  • Kontak
adult-background-beard-941693

Atik/ Edikasyon/ Jeneral/ Lavi/ Siperasyon Pèsonèl

ESKE W GEN CHANS?

January 23, 2019

Tweet

Genyen ki di chans se pwobabilite ki genyen pou w jwenn yon bagay san fè pyès efò, se yon aza. Konsa tou genyen l֧òt ki di se lèw byen prepare w epi fè tout efò ki nesesè pou jwenn bon rezilta. An reyalite kisa chans lan ye?

Pi gwo diferans ki genyen ant yon moun ki gen chans ak yon moun ki pa gen chans, se kapasite pou detekte epi pwofite yon opòtinite sou nenpòt fòm li kapab prezante. Chans bay bèl dan ak sèlman moun ki odasye. Chans se yon pon ki nan mitan yon bèl opòtinite ak yon bon preparasyon. Chans se konpetans melanje ak travay.

Kisa w dwe fè pou w aktive bwat chans ou?

Ou dwe kreye opòtinite

Toujou fe efò pou w rankontre epi kolabore ak bon moun, nan bon moman ak bon kote. Fè de ou yon opòtinite pou antouraj ou.

Genyen yon objektif klè

Siw konn sa w vle tout bon, ou dwe fè tout sa ki posib pou reyalize l. Kwè nan tèt ou.

Sispann menm woutin yo

Toujou ap veye, prepare lespri w pou rekòmanse epi devlope nouvo abitid epi soti nan zòn konfò ou.

Konprann se pa tout lè sa dwe byen mache

Moun ki gen chans yo we limyè menm nan fè nwa, yo toujou pran kote pozitif yo nan move sitiyasyon yo.

Ou dwe toujou prepare w

Pa janm tann se lè domi nan je w pou w tann nat ou. Toujou gen projè w byen plase nan tèt ou an avans. Pa fè sans enpwovizasyon w twòp konfyans.

“  Pyès moun pa reyisi san chans. Plis ou travay, plis ou disipline, plis ou prepare se plis ou gen chans.

 

  • Otè

    Otè

    Doktè Jackson Lafontaine Josaphat

Facebook Comments

Related Posts

photo-of-woman-holding-a-plant-2702399

Atik /

ATANSYON W AP TOUFE M

Bloke mantalman

Edikasyon /

BLOKE MANTALMAN

photo-of-man-wearing-brown-coat-3178875

Jeneral /

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

‹ NOU OBLIJE FÈ REZOLISYON CHAK ANE? › KONFLI ANT PARAN AK ADOLESAN : KOMAN POU LIMITE DEGA YO ?

Kategori

  • Amizman (7)
  • Atik (42)
    • Fanmi (21)
    • Lavi (22)
    • Siperasyon Pèsonèl (11)
  • Jeneral (42)
  • Sante (29)
    • Edikasyon (22)
  • Teknoloji (5)

Dènye Tweet nou yo

Back to Top

  • Akèy
  • Kiyès Nou Ye
  • Atik
  • Kontak
© SIKOLOJI AN KREYOL 2025
ht Haitian Creole
en Englishfr Frenchht Haitian Creolees Spanish