“FÈ LEFOU POUW PA PEYE DWA” ( TWOUB MANTAL)
Nan lari Ayiti nou jwenn anpil moun ki sal, yap mache kò touni, pye atè, oubyen ak vye ranyon sou yo, yo lague san fanmi. Nou rele moun sa yo moun fou. Yo konn rakonte istwa sou yo kòman yo fè vin konsa, petèt moun sa te pase pa yon gwo pwoblèm epi yo di tèt li pati. Yo ka di se yon moun ki fèl tou, yon zanmi, yon fanmi, yon moun ki te rayil.
Nan kilti nou sa repete anpil e nou kwèl. Antan ke ayisyen byensi ke nou kwè yo ka fè nou, se paske sa antre nan kilti nou. Men gen lòt kote depi yon moun ap pase nan etap sa yo, yo di li gen pwoblèm mantal.
Jodia nou pral pale syantifikman sou moun yo rele moun fou yo. Nan lang panyòl “loco”, nan anglè “crazy”. Yo mo nou ap repete souvan. Nou menm mal itilizel. M sonje ti pawòl sa nou renmen repete a: “Wap pran pòz fouw pouw pa peye dwaw”.
Nan mond sikoloji a yo di moun sa yo gen yon andikap sikososyal, twoub sikik, maladi mantal oubyen eskizofrèn. Sa pral depann de sentom yo, alò yo pral mete chak nan kategori pa yo.
Koman li ka kòmanse?
Gen anpil fason yon moun ka vin soufri youn nan twoub sa yo, li ka kòmanse piti a piti, li ka antre tou vit sou moun nan tou. Anpil moun ki soufri de twoub sa yo prezante pwoblèm sosyal, akademik, oubyen yon bagay depi lè yo timoun. Epi avèk ane twoub la ap ogmante, nou ka wè moun sa vin pi ansye, ap tris, gen pwoblèm pou domi, elwayel de zanmi, fanmi, epi pa bay menm randman nan travay li.
Kisa li fè moun nan?
Moun nan ka gen youn ou plizyè nan sentom sa yo:
- Alisinasyon (lè moun nan wè, santi oubyen tande bagay ki pa la vrèman nan reyalite a).
- Varye ( Moun nan antre nan yon konfizyon li ka pa konn kotel ye, li ka pedi memwa, moun nan ka ap pale nan domi, li ka vin rapid nan sa lap fè oubyen li vin lan, pwoblèm pou konsantre l, li chanje fason li te ye sibitman, tankou li ka vin tris,li ka fache, li ka depresiv, e lot ankò).
- Pale pawòl ki pa gen sans.
- Konpòteman ki pa byen òganize.
- Manke volonte avek motivasyon.
Ki moun ki ka fèl?
Nenpòt moun,nenpòt ras,nenpòt klas sosyal ou ye ou ka soufri de twoub sa yo. Fanm kou gason, diferans lan se ke li parèt nan gason nan laj pi piti ke fi.
Aksyon ki pou fèt lè nou wè yon moun gen sentom sa yo, se ale avèl nan yon sant de sante mantal pou yo ka pran swenl. Pa lague moun sa, poul arive pran lari poukont li, li vin pa konn kiyès li ye ditou. Li san trètman, san sipò. Pa pran plezi sou yo, pa kite pitit ou pran plezi sou yo tou. Tout moun se moun, yon pwoblèm, yon evènman ka mete yon moun nan eta sa. Pa neglije chèche èd lè nou gen yon pwoblèm ki depase nou. Pi bonè se granm maten. Sonje pran swen sante mantal nou, bal yon priyorite
Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik.

Facebook Comments