Chak ane ki kòmanse se souvan pi bon moman pou anpil moun chanje yon lòt paj nan vi yo. Sa lakoz anpil moun pran rezolisyon pou nouvo ane a. Men poukisa yon pakèt moun pa rive kenbe objektif sa yo ?
Nan yon atik syantifik, Ray Williams montre chèchè yo egzamine pousantaj reyisit rezolisyon moun yo konsa: de (2) premye semèn yo sa ap mache byen men nan fevriye moun yo tounen dèyè. Epi lòt desanm, pi fò nan moun sa yo tounen kote yo te tanmen an, pafwa pi dèyè ke kote yo te kòmanse a. Poukisa anpil moun pa rive kenbe rezolisyon sa yo?
Èske se fèblès osinon parès ki kouvri yo?
Pi devan li di: Daprè chèchè John Norcross ak kòlèg li yo ki te pibliye rezilta yo nan Journal of clinical psychology, anviwon 50% nan popilasyon an pran rezolisyon chak kòmansman ane. Pami sak pi bon yo se : pèdi pwa, egzèsis fizik, sispann fimen tabak, pi byen jere lajan yo, epi diminye sou dèt yo.
Timothy Pychyl, pwofesè sikoloji nan inivèsite Carleton nan Kanada ak yon lòt blogè PT deklare: rezolisyon yo se yon fòm pwokrastinasyon kiltirèl, yon efò pou nou reyenvante nou. Moun yo pran rezolisyon pou yo motive tèt yo. Pychyl fè konprann : moun yo pa prè pou kite abitid yo, sitou move abitid yo, sa ki esplike pousantaj echèk la wo konsa. Selon Doktè Avya Sharma ki soti nan rezo kanadyen sou obezite, moun yo fikse objektif ak atant ki ireyalis nan rezolisyon yo.
Pwofesè Sikoloji Peter Herman ak kolèg li yo montre sa yo rele « syndrome des faux espoirs » (sendrom fo espwa), ki se rezolisyon yon moun pran ki twò ireyalis epi ki pa mache ak fason li wè pwòp tèt li.
Prensip sa tradwi prensip afimasyon pozitif la. Lè ou fè afimasyon pozitif sou tèt ou epi ou pa twò kwè nan li, yo pap fonksyone epi yo ka bese estim ou.Lòt kote rezolisyon echwe yo chita nan yon relasyon koz ak konsekans. Ou ka panse si ou pèdi pwa ,oswa diminye nan dèt ou yo, oubyen fè plis egzèsis fizik, tout vi w ap chanje, lè sa pa rive ou riske dekouraje epi retounen nan ansyen abitid ou yo.
Pou rezolisyon yo rive fonksyone sa enplike pou nou chanje konpòtman e pou nou chanje yon konpòtman nou dwe chanje fason nou panse(oubyen rebranche sevò nou). Kèk syantifik ki travay sou sèvo tankou Antonio Damasio , Joseph Le Doux ak sikoterapet Stephen Hayes te dekouvri gras ak IRM ,Chema panse yo kreye konpòtman abityèl la, yo kreye pasaj ak souvni newonal yo ki vin bay pilye konpòtman nou. Yo nan mitan chwa ak desizyon nou yo.Eseye chanje panse sa a ak “ pa eseye fè li” ap jis ranfòse li. Chanjman an mande pou nou kreye nouvo pasaj newonal ki soti nan yon nouvo panse.
Pandan li ap ekri nan rezo blog Havard business review, Peter Bregman afime : lè ou fikse objektif yo, yo aprann ou rann yo espesifik, mezirab epi yo limite pou kèk tan. Men ta sanble karakteristisk sa yo se yo menm menm ki rezon ki fè objektif yo ka tounen kont moun ki pran rezolisyon yo. Yon objektif espesifik, mezirab epi limite pou kèk tan ka bay yon atitid trè fèmen ki ap debouche sou kopye oswa myopi (lespri fèmen). Wi, nou konn atenn bi a men konbyen sa koute nou? Bregman ankouraje nou pou nou kreye yon domèn enterè ki soti nan motivasyon pèsonèl nou, ki pa bay okenn estimili oubyen fòse n kopye oswa pran risk ki pa itil, okontrè kite tout posibilite pozitif ak gran opòtinite vini epi ankouraje tèt ansanm pandan n ap diminye konpetisyon nan lide pou nwi. Tout sa an menm tan n ap vanse sou bagay nou menm ak òganizasyon nou yo pi apresye yo.
Men kèk konsèy Ray Williams pote pou nou, ki kapab ede nou kenbe rezolisyon nou te pran pou nouvo ane a :
1- Pito ou konsantre ou sou yon sèl rezolisyon epi vize objektif dirèk epi ki plis reyalizab. Pèdi pwa pa yon objektif dirèk. Pèdi 10 kilogram nan 90 jou se yon objektif dirèk.
2- Pa tann se nan fen ane pou pran rezolisyon. Fè li tankou yon pwosesis pandan ane a, se yon angajman ou ap renouvle chak jou.
3- fè li etap pa etap. anpil moun bay vag paske yo te vize twò wo, objektif la te mande twòp efò ak fè twòp bagay (aksyon) an menm tan.
4- chache yon zanmi responsab , yon pwòch ou ap bay rapò sou tout efò ou fè yo.
5- Pa tann se lè ou fin atenn objektif ou pou ou fete sa. Fòk ou fyè de efò sa yo.
6- adopte kèk nouvo konpòtman, panse yon lòt jan,. Pou chanje abitid ou dwe kreye nouvo pasaj newonal alèz nan tèt ou.
7- Konsantre ou sou moman prezan an. Kisa ou ka fè jodi a,kounye a menm pou ou atenn objetif ou?
8- veye tout sa k ap pase anndan ou chak fwa yon evènman pase nan lavi ou, olye ou rete nan sa ki te rive osinon sa ki ka rive.
Boutofen, pa pran lavi a twò oserye . Amize ou, ri tèt ou lè ou pran echèk , men pa kite sa anpeche ou rive kote ou vle a. Lavi a bèl, nou dwe pwofite. Men pa bliye nou tout gen yon kote nou vle rive.
Atik: Rhode Bermine Banatte, enspirasyon atik sa soti sou yon pòs psychologytoday
Tradiktè:Ledna ADRAS
Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen gen yon pi bèl…
An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…
Gen yon moman nan lavi chak moun gen yon kote yo gen pou deside kisa…