Categories: Jeneral

VYOLANS KONT YON TIP IDANTITE SEKSYÈL (PREMYE PATI)

Lè nap panse a sa ki rele vyolans lan tankou yon bagay ki ka fèt lakay, nan mitan kat mi ki ta sipoze bay sekirite e menmen la pè avek amoni, bay tèt fe mal, yon mal ke pèsonn paka dekri, sa baw anvi fèmen je, vire tèt ou epi chanje tèm. Men se yon bagay nou paka nye, paske li egziste. Vyolans nan kay se yon bagay ki la, e li pote gwo konsekans a moun ki viktim li an, a moun ki komèt li a, ak fanmi li e menm sosyete a.
Oganizasyon mondyal sante defini vyolans tankou: itilizasyon fòs fizik ou bien pouvwa, ke li ta de menas oubyen kont pwop tèt ou, lòt moun oubyen yon gwoup ou kominote, e sa ka koze yon moun blese, mouri oubyen mal sikolojik, e kèk lòt twoub. Nan tout etid ki fèt, yo toujou analize pwoblem sa sou bò fanm yo tankou viktim, men yo pa janm fe sa sou bo gason yo ki fè zak sa.
Nan listwa gen kèk moun ki pran pozisyon sou zafè sa, biolojis yo di ke gason yo maltrete madanm yo pou yo ka asire yo fidelite kay moun sa, e pou yo ka pwouve ke yo se gason. Yon lòt kote ekolojis yo di gen lòt bagay ki lakoz sa, tankou estim pou tèt yo ba akoz de jan manman yo te konn trete yo e dedikasyon yo ba yo a. E lòt posizyon anko se ke nou ka di ke tout vyolans pa siyifi ke se jenetik oubyen yon bagay ki sot nan anviwonman. Nou ka di ke vyolans se yon pwoblèm agresyon yon moun genyen natirelman lakay li ki ka koze dega nan milye kote moun sa ye. Yo vin panse ke enflyans sosyokilitirel la gen pou wè ak sa, se jan li ye a ki fè ke gason yo gen yon move fason yo wè fanm yo. Sa pa siyifi ke tout gason fè vyolans sou fanm.
Eske egziste yon vyolans ki pa gen yon fòm vreman?
Si nou ta vle itilize metafò nou te ka di se tankou pou ti grenn sab, ak ajil depi yo pa anpil nou pap wè yo vreman e li pap gen fòm ou enpak si se yon sèl grenn. Se menm bagay sa ki pase avèk vyolans san fòm nan. Anpil ti bagay fèt telman chak jou ke yo vin parèt nomal nan je nou. Sa komanse avek mank respè, yon manti, yon ti joure, o komasman nou pa wè sa anyen jiska moman li vin parèt sou gwo fòm li, e nou paka kontwolel. Nou ka bay yon egzanp senp ki pase souvan.

 

  • Yon nèg ka parèt li di yon fanm “komanw ye ti bouboul mwen an”.
  • Aprè sa vin pran yon lòt nivo li di: “ou komanse gra tankou yon bèf”.
  • E pou fini dènye pawol ki leve kont lan se: “retire kòw sou mwen ou fout tou gwo”.

Nou ka wè vreman gen anpil fòm vyolans nou ka klasifyel an vyolans fizik, sikolojik, seksyèl e ekonomik. Vyolans fizik la se lè ou kite mak sou yon moun lèw fin maltretel, malgre tout fwa yo pa konn vizib. Mak vizib yo ka ale avèk le tan depann de kijan yo te fèt.
Vyolans sikolojik la fèt lew joure yon moun, ou fè vye blag sou li, ou fèl wont, oubyen imilyel. Lòt egzanp ankò ka lew ap kontwole tout mouvman yon moun, veye antre sotil , le wap fè jalouzi ki depase, elatriye… Lè yon koup antre vyolans nan yon relasyon gen anpil lòt bagay ki antre tankou elwayman de pwop fanmi viktim lan, moun nan vin arive manipile patnè a pou ka fè li pa antre an kontak ak fanmi li. E sèl moun ki ka fè yon jan pou sa kanpe se viktim lan, men, moun ki viktim nan pa dwe pè pote plent vyolans sa yo, paske malèz vyolans ki akimile gen menm konsekans ke vyolans fisik la.
Lè yap pale de vyolans seksyèl la, yo vle pale pi souvan de relasyon ak minè yo,paske la pli pa dèfwa vyolans seksyèl la pa two wè nan yon koup,epoutan yo la. Vyolans seksyèl nan yon koup ka lè yon moun ap egzije patnèl a gen relasyon avèl pandan ke li pa vle, vyolans lan tou se lè patnè a oblijel soumèt li a kèk aksyon ki pote doulè pou lòt la, oubyen yon aksyon ki pa twò fè lòt la plezi. Vyolans seksyel la tankou lòt yo gen gwo konsekans emosyonèl sou viktim lan, e li souvan akonpanye de anpil lòt fòm vyolans fizik.
Vyolans ekonomik la gen poul wè ak kontwol nan zafè lajan, e santiman ki vini dèyè kontwol sa enplike abi lajan e byen materyèl. Vyolans sa mennen a ke dèfwa gason yo konn rive a kontwole tout ti detay nan zafè achte, e menm bagay pèsonel fi a. Mòd vyolans sa, egziste nan tout nivo ki ka genyen nan sosyete a, soti nan pòv rive nan rich yo, e entansite a depann de kantite moun ki ap bay la genyen e atanchmanl a lajan. ( li ap kontinye)

Bibliografi
Centro de Estudios de Género . (2013). Violencia contra las mujeres aportes para su erradicación. Santo Domingo. Centros de Intervención Conductual para Hombres. (2013). Aportes y desafíos para la intervención con Hombres Agresores. Santo Domingo. Cristina Almeida, M. G. (2005). Las huellas de la violencia invisible. Barcelona: Ariel. Organizacion Mundial de la Salud. (2002). Informe sobre la violencia. SANMATIN, J. (2004). El laberinto de la violencia. Barcelona: Ariel.

 

Atik: Gardy Docteur, Lisansye Sikoloji klinik.

Rhode Bermine Banatte

Share
Published by
Rhode Bermine Banatte

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

7 years ago