Categories: AtikEdikasyon

MWEN ADIKTE? (PREMYE PATI)

Lè nou wè mo sa petèt nou panse ak dròg ak alkòl sèlman, men adiksyon malerezman pa rete sèlman sou de sibstans sa yo. Adiksyon an nou ka definil tankou yon aksyon abityèl yon moun konn fè, yon sibstans li konn pran oubyen yon aktivite ke moun sa pa panse, e ke bagay sa ka fini a ba li pwoblèm pi devan, li ka pwoblèm sante, pwoblèm ak sosyete a, pwoblèm finansye oubyen pwoblem mantal.


Mo adiksyon an nou konn itilizel san nou pa rann nou kont de nivo dega l’ ka fe vrèman. Fisikman yon moun ka adikte a yon sibstans jiskaske sibstans lan pa fè menm efè li te konn fè yo, lè sa nou di moun sa vin devlope yon tolerans. Lòt fason nou ka di adiksyon fisik la fèt se lè ke sèvo moun sa reaji yon fason ki egzajere afans sibstans lap pran oubyen dròg sa. Pa egzanp nou ka di yon moun ki renmen bwè anpil, lè li antre nan yon ba, li santi yon gwo pouse poul bwè, paske li konnen moman sa li pral jwenn yon bon plezi nan chita bwè alkòl la, e lap santi l byen.
Gen adiksyon sikolojik tou kote moun sa se pa kòl sèlman li ap satisfè, men se yon sitiyasyon lap eseye echape, pa egzanp yon estrès emosyonel, oubyen lap reponn a sa sèvol dil fè, lè sa moun sa aji pa konpilsyon, kote li pa gen kontwòl li ankò.
Jodia nap rete pale de adiksyon a sibstans lan sèlman. Ann site kèk adiksyon nou jwenn souvan nan sosyete a e kisa li fè moun ki lage ladan.
ADIKSYON SIBSTANS,anndanl nou jwenn:
Adiksyon a alkòl: Li domaje sèvo, li bay moun kansè, maladi nan kè, maladi nan ren, pa gen resistans. Siy ki montre ke ou depann de alkòl:

  • Ou tolere alkòl plis ke avan.
  • Difikilte pouw kite bwè, menm si ou fè efò pouw kitel.
  • Lèw eseye fè tan ou pa bwèl ou pa santiw byen.
  • Ou pase anpil tan ap panse avèk alkòl.
  • Ou pedi travay akoz de alkòl, ou paka gen relasyon stab, yo aretew pou move kondwit akoz alkòl.

Adiksyon a sigarèt: Li domaje poumon, li bay kansè. Ou gen pwoblem respirasyon, li bay pwoblèm nan po.
Siy ke ou depann de sigarèt:

  • Ou paka kite fimen pou yon jou, ou eseye ou echwe.
  • Lew eseye kanpel, kòm sentom ou jwenn ke ou gen gwo anvi pran yon sigarèt pouw fimen, ou anksye, ou an mouvman, ou pa an pè, ou gen difikilte pouw konsantre, ou deprime, ou fache souvan, ou manje anpil, ou paka domi, ou sere ou paka al nan twalèt oubyen ou gen dyare.
  • Menm si wal lopital yo diw malad ou paka fimen, ou kontinye fimen.
  • Ou pa al nan kèk aktivite paske ou pap ka fimen ladan yo, ou byen ou pa pale ak kèk moun paske ou pap ka fimen bò kote yo.

Adiksyon a kokayin: Adiksyon sa ka komanse akoz ke yon moun te bay pran tikout, epi ou renmen fason kel te fèw la ou kontinye pranl. Siy ke ou depann de li:

  • Ou itilize kokayin pi souvan.
  • Ou bezwen plis kokayin pouw ka santiw byen.
  • Ou pa bezwen achte lot bagay ke kokayin, oupa peye bil ,ou pa manje.
  • Ou vann byenw pouw achte kokayin.
  • Ou kontinye itilizel malgre ou wè ke li pa bon pou ou, e ou paka domi akoz de li, ou fè kochma, ou paka travay byen ankò, ou pa byen nan relasyon ak lòt moun.

Adiksyon a kafeyin: Nou jwenn kafeyin nan kafe, te, gazeuz, chokola, e anpil medikaman. 80% popilasyon nan mond lan konsome kafeyin chak jou. Yon moun ki adik a kafeyin se yon moun ki paka pase yon jou sanl pa pran kafe oubyen yon sibstans ki gen kafeyin. E anpil Ayisyen adik a kafeyin.
Siy ke ou adik a kafeyin:

  • Difikilte pou konsantre san kafeyin.
  • Tèt vire.
  • Fatig.
  • Tèt fè mal.
  • Gen tout pwoblèm ke yon fanm ka genyen lèl pral gen règ li.
  • Move yon moman.
  • Difikilte pou pa domi pandan jounen an siw pa pranl.

Adiksyon a medikaman yo preskri lopital: Gen moun ki panse ke abi dròg yo bay lopital avek lòt dròg yo diferan. Men se menm bagay la, ke ou itilize medikaman lopital oubyen kokayin, se menm bagay.
Siy ke ou adik a medikaman yo preskriw lopital:

  • Plenyen pou ti sentom ki pa menm fin presi pou doktè ka baw medikaman.
  • Pa entérese a trètman ki pa gen medikaman chimik yo.
  • Ou gen dosye ke ou te adik a dròg.
  • Ansyete.
  • Itilize pi gwo dòz ke sa doktè a preskri a.
  • Itilize medikaman ke yo bay lòt moun.

Adiksyon a esteroyid: Esteroyid la pou ede moun bay plis randman lè yo ap fè aktivite fisik, se youn nan sibstans ke atlèt yo itilize e renmen anpil.
Siy ke ou adik a esteroyid:

  • Kontinye itilize l’ malgre li baw pwoblèm ( bouton, agresyon, depresyon, esteril, noze, chòv, elatriye).
  • Ou preyokipe pouw kouri pran yon lòt dòz.
  • Ou paka kontwole fason ke wap itilizel.
  • Kòw kòmanse ak devlope twò vit, epi ou fè anpil efò pou antrènman.
  • Lè moun nan pa itilize esteroyid ankò li gen anpil malèz.

Bon, enfen gen anpil lòt sibstans ke yon moun ka depann de yo a pa de sa nou site yo, men eske ou panse se sèlman sibstans chimik ke yon moun ka adik a li? Eske yon moun paka adik a kèk aktivite? Nap kontinye pale de sa pandan semèn lan e nap bay kisa nou ka fè lè nou wè yon zanmi, yon fanmi depann oubyen ou menm depann de yon bagay.

 

Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik.

sikoloji

Share
Published by
sikoloji

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

7 years ago