Categories: AtikEdikasyon

MWEN ADIKTE? (DEZYÈM PATI)

Jan nou te pale nan premye atik la adiksyon se kondisyon ke yon moun jwenn li ke li ap pran sistans tanko alkòl,kokayin(se la yo pale de adiksyona dròg) oubyen lè yon moun antre nan yon aktivite pa egzanp jwèt aza, seks, achte (lè say o pale de adiksyon a yon konpòteman) aktivite sa yo oubyen sibstans sa yo ba moun sa plezi e sa vin tounen yon abitid lakay moun sa, kote li vin paka viv san li.


Aktivite sa yo oubyen sibstans sa yo fè moun sa vin gen pwoblèm nan lavil oubyen sou santel. Moun ki adikte yo desfwa yo pa rann yo kont de sa e yo paka kontwole konpòteman sa tou. Ki vin fè sa ba yo pwoblèm e menm arive a bay moun ki bò kote moun sa pwoblèm tou. Nan atik sa nou ap pale de adiksyon a kondwit.
Adiksyon kondwit diferan de dròg yo paske li pa itilize sibstans pou domaje lespri a. men se menm konpòteman yo ki pwodwi. An nou site kèk adiksyon.
Adiksyon a jwèt: sa fèt se lè yon moun ki ap jwe epi li vin menmen jwèt la nan yon nivo ki a lekstrèm. Olye ke se yon pastan, li pranl pou yon bagay serye kote li ka menm fè nenpòt bagay poul ka kontinye jwe. Li ka aza,video,kat, domino.
Siy ke ou adik a jwèt:

 

  • Ou fache anpil lè yon moun diw pa konn jwe.
  • Ou prete lajan, ou vann byen oubyen al vòlè pouw ka jwenn lajan pouw jwe.
  • Ou santiw deprime lew paka jwe.
  • Ou jwe plis oubyen pase anpil tan ap jwe
  • Kite travay ou , oubyen manti sou kotew ye pouw ka jwe.
  • Ou parye gwo lajan nan jwèt o upa bezwen reflechi pouw konn si wap genyen oubyen pèdi.

Adiksyon a manje: Nou konnen ke manje se youn nan bezwen esansyel yon moun, nou renmen manje manje ki gou ki byen prezante, men moun ki adik la li pa bezwen konnen koman manje a ye, sak enpotan pou li se manje. Pifò moun ki adik a manje fè sa ki rele boulimi, apre yo ka vomi oubyen pran medikaman pou yo ka pase manje a, men gen moun ki anoreksi ki adik a manje tou, men yo, yo fè yon jan pou yo pa manje.
Siy ke ou adik a manje:

  • Gen gwo anvi pou manje.
  • Manje an sekrè.
  • Manje menm si ou pa grangou.
  • Manje menm si ou paka manje ankò, jiskake ou santi ou malad.
  • Apre ou santi w koupab pou sa w manje a, oubyen a lè w ap manje a.
  • Pase anpil tan ap panse ak saw ap manje a oubyen ak sa w pral manje a.
  • Itilize manje pou w soulajew de estrès ou genyen, oubyen emosyon w.

Adiksyon a travay: pifò moun pa bay adiksyon sa enpòtans epi sosyeta a pa twò wèl, men se yon bagay ki serye li ye. Se yon konpòtman ki montre moun nan obsede e kompilsif an rapò ak travay. Nou ka fè diferans ant yon moun ki se yon bon travayè avek yon moun ki adik, adik la pa gen ekilib, vi a pou li se travay.
Siy ke ou adik a travay:

  • Toujou ap kouri pouw ka travay.
  • Santi ke ou a an pè lè ou pap travay.
  • Lè yo montre moun sa aksyon li pa nòmal li pa vle kwè.
  • Gen pwoblèm sante an rapò a fatig, mank somèy, egzesis avek byen manje.
  • Paka relaks lè gen vakans oubyen lè an fanmiy.
  • Move souvan.
  • Pran tout tan pou travay o lye de fè lòt aktivite.
  • Pase ke se sèl ou ki ka fè travay la, sinon travay la pap bon.

Adiksyon a achte: Adiksyon sa pi souvan frape medam yo. Anpil moun renmen achte, men lè wap achte san kontwol sa revele yon lòt bagay. Moun sa pa achte pou nesesite men pou plezi.
Siw ke ou adik a achte:

  • Ou achte san ke ou pa kontwole.
  • Ou pè pou moun pa wè wap achte twòp.
  • Santi ke lavia fini siw pa gen lajan oubyen yon carte de kredi nan menw.
  • Kache sa wachte, avek resu pou moun pa wè.
  • Pa peye lwaye, oubyen dèt pou ka achte.
  • Bay manti sou koman ou depanse lajan.
  • Al achte poukont ou.
  • achte le ou gen yon pwoblem, tankou fache, tris, santiw pa gen anyen pouw fè.
  • Toujou ap panse a yon bagay ou ta achte.

Adiksyon a intènèt: Sa rive lè yon moun paka dekolel de tout sa ki an rapò ak intènèt, li ka porno, vant ki ap fèt sou nèt, jwèt aza sou nèt, tout pwogram ki ap bay, jwèt ki sou laptop, oubyen rezo sosyo yo,tout relasyonl se ak moun ki sou rezo sosyo yo sèlman ki pa menm ka byen mache.
Siy ke ou adik a intènèt:

  • Ou abandone vi familial e sosyal pou chita devan yon laptop ou apararèy.
  • Ou pa travay pouw ka okipew de sa ki ap pase sou net lan.
  • Ou pa benyen, o upa pran swen tèt ou .
  • Tout enejiw pase devan yon laptop ou aparèy elktwonik.

Adiksyon a sèks: sa pase lè sèvo yon moun gradyèlman abitye ak liberasyon chimik ki pwodwi lè li ap fè sèks, ki vin fè li toujou ap cheche yon mwayen poul jwenn plezi sa.
Siy ke ou adik a sèks:

  • Konpòtman w bay pwoblèm a kwayans religyes ou, oubyen devlopman spirityèl ou.
  • Jan ou viv seksyalite fè ke ou gen santiman kew manke yon bagay, oubyen ou anvi touye tèt ou.
  • Dè fwa ou pans eke ou bezwen èd pou soti kotew ye a, ke ou pèdi.
  • Dè fwa ou anvi evite oubyen kanpè kèk aktivite seksyèl, men ou pakapab.
  • Ou itilize sèks pou ou kouri de reyalite lavi a.
  • Ou santi kew koupab lèw fin fè sèks ak patnèw.
  • Ou pa bay bon randman nan travay avek fanmiw e sosyete a akoz de enterèw pou sèks.
  • Ou paka konsantrew sou anyen ankò ke sèlman sèks.
  • Ou toujou sou paj ki gen rapò ak sèks.
  • Pouw gen yon bon rapò seksyèl ou oblije gade foto ki baw plezi pandan ke w’ap fè sèks.

Adiksyon a relasyon: Adiksyon a relasyon a gen plizye lòt anndanl, tankou adiksyon a lanmou, adiksyon a yon relasyon kip aka fonksyone, e adiksyon a yon moun ki adik.
Chak adiksyon m sot site la gen karakteristik espesyal yo, men an komen se adiksyon a yon relasyon, li ka manman, papa, menaj, zanmi.
Siy ke ou adik a relasyon:

  • Ou kontwole tout bagay nan yon relasyon.
  • Ou montre ke ou obsede.
  • Ou pa gen yon limit.
  • Ou gen pwoblèm pou w eksprime w santimanlman oubyen di kisa ou bezwen.
  • Ou met tèt ou andanje pouw ka rete nan yon relasyon, ou ka prefere soufri, gen pwoblèm fisik, emosyonèl epi mantal.
  • Ou elwayem de tout sosyete a pou w ka cheche atansyon relasyon sa oubyen moun sa w adik la.
  • Ou ka fè tèt ou ilisyon sou yon relasyon.

Men koman nou ka ede yon moun ki adik?
Si w pata adik epi ou wè yon moun ki adik:

  • Premyeman ou ka eseye tande moun nan lè li di li bezwenw, pa meprizel, respekte sa lap di yo, epi lèl fin diw yo kenbe yo pou ou pa mache al di tout moun sa.
  • Dezyemman metew nan plas moun, santi koman ou ta renmen yo tetew si tean difikilte, pa jije moun nan.
  • Twazyeman dil kisa ou panse, montrel ke ou preokupe pou li, e dil ki danje sa genyen, e ou vle edel.
  • Ede moun sa a kontwole anvi li, edel a rete pwòp si se dwòg ou alkòl, elwayel de sa li adik yo.
  • Katryeman dil ke o uta renmenl wè yon spesyalis pou plis èd, sa enpòtan anpil. Nan prosesis rekiperasyon pandan li nan terapi, ou ka toujou apiyel, poul pa santil sèl.

Si se ou ki adik la:

  • Chèche yon moun ou ka fè konfyans palel de sa ki ap pasew la
  • Chèche èd yon profesyonèl, se sa ki pi enpòtan.

Pran konsyans de sitiyasyon an, chak moun ki adik se yon moun an mwens nan sosyete a, paske yon moun adik sanse san fiti, e mantalman pa ekilibre. Ann kreye moun ki konsyan pou yon sosyete miyò.

 

Atik: Rhode Bermine Banatte, Lisansye Sikoloji klinik.

 

sikoloji

Share
Published by
sikoloji

Recent Posts

FÈ ABITID OU TOUNEN YON FÒS POU REYISIT OU

Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen  gen yon pi bèl…

6 years ago

ATANSYON W AP TOUFE M

Nan jou sa yo mwen aprann ke se pa tout bagay ki renmen pou w…

6 years ago

BLOKE MANTALMAN

An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…

6 years ago

Kalandriye 2020

6 years ago

MIT LAKAY AYISYEN

Kisa yon mit ye? Mit se yon ti listwa depi ou piti ou leve ou…

7 years ago