mother warn her daughter for bad behavior, isolated on white
Konfli se yon sitiyasyon nou paka twò evite, depi gen relasyon ant moun li ap la. Men konfli kèk fwa se yon bon bagay li ye : li ka pèmèt ou eksprime emosyon w epi li ka yon okazyon pou w komanse yon dyalòg.
Men toutfwa konfli ant adolesan avèk paran yo, malgre li gen benefis, li se yon sitiyasyon ki ka penib. Adolesan yo lè yo nan stad sa yo dejà santi ke yo gen yon kapasite entèlektyèl ki devlope, yo santi ke yo gen yon bezwen pou egzèse kapasite sa, fason pou yo egzèse l se nan opoze yo a sa paran yo di. Epi paran yo menm ki konnen yo gen konpetans yo vle timoun yo soumèt yo anba pisans yo.
Gen kat(4) prensip pou limite sitiyasyon ki ka mennen a konfli. Prensip sa yo yon adolesan ka swiv yo, men inisyativ pou iltilize l la dwe soti kote paran yo. Paske nòmalman se paran ki pou bay egzanp. Sa vle di paran dwe aplike l avan pou adolesan ka swiv li.
Men kat prensip yo:
Prensip sa yo ka menm ede yon adolesan kontwi pwòp valè li antan ke yon moun. E konsa si yon lè yo ta opoze se ta pou pwòp byen li, kote li vin yon moun ki endepandan epi responsab.
“Pou paran yo, adolesans pitit yo se yon tan pou mezire pwòp matire yo”. Eckstein, D. G., Rasmussen, P. R., & Wittschen, L. (1999
Yon lane fèk tanmen, yon deseni tou nèf. Ou ta renmen gen yon pi bèl…
An nou pale de bloke mantalman Daprè eksperyans mwen epi sa mwen tande nan moman…
Gen yon moman nan lavi chak moun gen yon kote yo gen pou deside kisa…