ESKE W GEN CHANS?
Genyen ki di chans se pwobabilite ki genyen pou w jwenn yon bagay san fè pyès efò, se yon aza. Konsa tou genyen l֧òt ki di se lèw byen prepare w epi fè tout efò ki nesesè pou jwenn bon rezilta. An reyalite kisa chans lan ye?
Pi gwo diferans ki genyen ant yon moun ki gen chans ak yon moun ki pa gen chans, se kapasite pou detekte epi pwofite yon opòtinite sou nenpòt fòm li kapab prezante. Chans bay bèl dan ak sèlman moun ki odasye. Chans se yon pon ki nan mitan yon bèl opòtinite ak yon bon preparasyon. Chans se konpetans melanje ak travay.
More










